Gérard Jacques DUPLESSIS, yon mapou ki travèse !

799

Partagez cet article

« Blan » pou kamarad ak pwòch li yo, Gérard Jacques Duplessis se te yon nonm total kapital, yon militan angaje, yon nonm serye ki p ap boukante konviksyon l pou anyen sou tè sa. Li goumen kont diktati Duvalier, li akonpaye kèk òganizasyon kominotè, sendikal ak politik pou ranfòse lit pou grandèt majè peyi Ayiti. Militan politik sa ki t ap batay pou byennèt moun yo fè pi pòv yo, travèse nan dat 5 jen 2020 ak 82 rekòt kafe sou tèt li. Misye Duplessis se manm fondatè Komite Relèvman Divivye (KRD), yon òganizasyon ki ap travay pou avansman kominote Divivye ki nan Laplèn nan komin Site Solèy. Depi nan ane 1994, li te okipe fonksyon sekretè jeneral nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) nan Inivèsite Leta Ayiti a (ILA). Kit nan KRD kit nan ENS ak nan lòt òganizasyon pwogresis li konn bay bourad, Duplessis te fè prèv serye ak reskonsablite devan angajman li genyen nan òganizasyon yo ak nan travay li kòm pwofesyonèl daprè divès temwayaj ki fèt nan dènye seremoni ochan yo ba li samdi 13 jen 2020 an. Seremoni sa te fèt nan lekòl ki rele : École de l’amitié haïtiano-martiniquaise. Duplessis te goumen atravè òganizasyon KRD pou mete kanpe lekòl kominotè sila pou sèvi kominote Divivye a.

Kanmarad Duplessis se yon nonm ki te bay tout lavi li nan batay pou pwogrè sosyal ak chanjman total kapital pou mas yo. Li pa t janm dekouraje malgre difikilte li konn rankontre. Li te toujou la pou ankouraje lòt kamarad nan lit la, li toujou pase ou tèks enpi fè diskisyon sou li avèk ou pou ede ou vanse epi ranfòse kapasite ou pou ou kapab pi madre ideyolojikman.

Se ak pawòl sa yo sendikalis Josué Mérilien prezante kalite militan konsekan Gérard Jacques Duplessis.

Deklarasyon dirijan sendika Union Nationale des Normaliens Haïtiens (UNNOH) kanpe konpayèl lit li a kòm yon mapou, yon nonm brav ki pa pè fè fas kare ak difikilte l ap rankontre nan batay pou liberasyon mas yo. Li montre kouman « Blan » se te yon nonm ki voye jete egoyis nan rapò li ak moun. Lanmou li te gen pou peyi li te fè l pran lit la serye.

Se nan sans sa a, pitit pitit li Carl-Férou Dorsainvil ap dekri lanmou gran papa li pou Ayiti, pou moun an jeneral.

Blan se te yon gwo patriyòt. Li te renmen peyi l anpil. Li pase tout vi li ap batay pou chanjman peyi l. Men sa pa t retire anyen nan lanmou li te gen pou pitit li. Li te renmen di : « Mwen genyen 2 mayifik fi ». Jis granpa rive nan dènye souf li, li te rete byen djanm. Granpa, ou pa p janm mouri nan lespri pitit ou ak pitit pitit ou yo. Ou pa p janm mouri nan sosyete a pou sa ou te reprezante pou li. Granpa, ou te toujou yon moun espesyal pou mwen. Mwen renmen w anpil, epi tout kòmantè mwen tande moun fè sou ou yo fè m fyè mwen te gen yon Granpa konsa.

Carl-Férou Dorsainvil, Pitit pitit defen an

Pawòl sa yo pitit pitit li itilize pou pale sou kalite gran papa li.

Yon lòt kote, istoryen Vertus Saint-Louis ki nan peyi Tonton Sam ki pa t kapab prezan nan seremoni fineray la ekri yon tèks ki prezante modèl sitwayen angaje Duplessis te ye ya. Li ekri :  

Lavi Jera se yon ekzanp. Jera panse epi viv ak tout kè li, ak tout nanm li, lide ke tout moun se moun, chak moun gen dwa pou yo respekte vi li, onè li, diyite li. San li pa gen ni pouvwa Leta ni gwo lajan Jera chaje ak enpòtans. Jera Diplesi se yon moun ki kont prejije ras, koripsyon ak enjistis k ap kangrennen sosyete peyi d Ayiti. Li pase tout vi l ap konbat twa kalamite sa yo.

Istoryen Vertus Saint-Louis

Moso lide sa fè konprann kouman Duplessis te atache ak folizofi byennèt pou tout moun nan ki soti nan toyo premye revolisyon kont sistèm esklavaj, rasis, enperyalis zansèt nou yo te goumen anpil pou elimine nan lane 1804. Vizyon sa t ap boujounen nan koloni an pou pran fòm depi nan kongrè politik Bwa Kayiman nan dat 14 dawout 1791. Lide tout moun se moun ki gide aksyon Duplessis yo, Pierre Michel Chery (2012) montre kouman folozofi sa kale depi Bwa Kayiman. Li klase li kòm premye prensip. Prensip sa ki kont prejije ras ak tout fòm inegalite se te nannan vizyon politik ak filozofik Duplessis ki se yon Mapou ki gen anpil enpòtans nan lit pou diyite moun nan peyi Ayiti. Se konsa depi li tikatkat l ap goumen kont diktati Duvalier yo depi nan lise, pase nan fakilte pou rive nan òganizasyon politik ak sendikal yo.

Istoryen Vertus Saint-Louis devwale kèk detay enpòtan sou kòlèg travay li nan ENS :

Depi nan lise, Jera te deja nan batay kont diktati Franswa Divalye. Rantre nan fakilte li nan batay pi rèd. Li patisipe nan grèv (novanm 1960-mas 1961) Inyon Nasyonal Etidyan ayisyen kont dikatè Franswa Divalye. Li devlope kontak ak Union Intersyndicale d’Haïti, yon sendika ouvriye Ulrick Joli t ap dirije. Jera Diplesi te gentan resevwa diplòm li kòm enjenyè lò li ale an 1964 nan yon kongrè etidyan aletranje. Li pa ka tounen. Ak diplòm li nan men l, li te ka tou ranje pwoblèm pèsonèl li aletranje. Li santi se sou teritwa Ayiti menm pou li ye pou li mennen lit kont dikatati Divalye. Li imajine pou li antre ankachèt nan peyi a. Se konsa li ateri an septanm 1959 nan Divivye kòm yon senp peyizan, moun Benè ki vin chache travay nan chan kann Hasco.

Pati sa pa bezwen ni kòmantè ni kritik ak entèpretasyon paske lide ki soti ladan l yo montre, klè kon dlo kòk, Duplessis se yon modèl imilite, yon senbòl angajman, yon estratèj nan batay kont diktati nan peyi Ayiti. Se sa ki fè Jean Enold Buteau, dirijan òganizasyon sosyo-politik ASO, pa mete dlo nan bouch li pou fè lwanj pou kalite angajman ak konviksyon Duplessis nan diferan moman nan batay la. Doktè Buteau presize istwa batay li ak Duplessis koumanse depi nan lane 1960 nan mouvman grèv etidyan yo ki t ap batay kont diktati bout di Duvalier a. Mouvman sa se te pi gwo moso batay kont diktati bout di Duvalye a daprè li menm. Se kèk jèn ant 22 a 27 lane ki te sakrifye vi yo pou afwonte diktati Duvalier a. Yo te gen kouraj, onè, konviksyon ak rèv pou chanje peyi a. Pandan doktè a ap bay militan sa yo ochan, li denonse ak tout fòs li kèk konze ki te trèt etidyan grevis yo ki t ap goumen. Li raple non konze sa yo nan lide pou jenès peyi a pa janm bliye non move grenn sa yo ki se : Roger Lafontant, Nicole Duplessis (medsen), Wilner Noel ak Eder Legros. Se konze sa yo ki te trèt etidyan yo ki te lakòz Joseph René ak Grotte Desroses te ale nan prizon. Genyen ki te kondane avi tankou : Gérard Soufrant ki mouri anba « Torture ak atrocité » rejim nan. Men apre grèv la, batay la te kontinye. Gérard Jacques Duplessis te kontinye goumen. Apre kokenn chenn masak 26 avril 1963 Duvalier te fè a, anpil nan yo te pran egzil an Ewòp, Kiba pou al aprann goumen ak zam, daprè sa doktè a presize.

Anpil nan yo retounen nan peyi a nan ane 1966 yo pou yo kontinye goumen kont diktati a tankou : Guy Omily, Gérald Brisson, René Théodore ak Raymond Jean-François, Adrien ak Gabriel Sansaricq epi Gérald Malestrant. Tout kanmarad sa yo tonbe ak zam nan men nan goumen kont diktati a. Mesye sa yo te gen avni devan yo epi yo te konn sa ki rele lavi : Gérard Jacques Duplessis te injenyè, Adrien Sansaricq te medsen, Gérald Brisson te ekonomist, Raymond Jean-François te powèt, pifò nan yo mouri ak zam nan men. Yo pa t gen pwofesyon pou yo te fè plis kòb, men batay la pou yo se te yon akonplisman pou valè, pou liberasyon peyi yo daprè sa doktè Buteau raple.

Divès lòt temwayaj, nan moman seremoni fineray la, te fè resòti kalite Duplessis te genyen pandan li te vivan. Dirijan ENS kote li t ap travay ak manm kèk òganizasyon li te konn akonpaye te kanpe pèsonaj la tankou yon moun angaje, serye epi ki gen anpil imilite. Te genyen tou kèk atis militan angaje tankou : Guerchan Bastia ak Kébert Bastien (KEB) ki te bay seremoni an yon lòt dimasyon nan fason pa yo.  

Atis Guerchan Bastia nan prestasyon l
CP : William CHARLES

Gerard Jacques Duplessis se yon modèl moun ki difisil pou jwenn nan yon mond ak yon Ayiti kote se zafè materyèl ki gen plis valè pase moun. Sa ki lakòz peyi a ap soufri paske manke moun serye ki gen konviksyon k ap dirije li. Duplessis te fè sakrifs « suprême »  nan pou modèl sosyete miwo miba a kaba. Li te goumen pou l rive nan dimansyon moun nouvo Che Guevara te pale a. Men elas, li travèse san li pa wè Ayiti li te reve a. Peyi a tounen yon laboratwa pou kòrisyon, malvèzasyon ak dilapidasyon byen piblik pandan inegalite ap taye banda. Menm vye pratik diktati Duvalier yo anvi tounen – sitou avèk rejim sansi, malonèt, san vizyon PHTK a, kote piye pi fò resous peyi a ak byen Leta se valè pa yo -.

Ochan pou Duplessis !    

1 Comment

  1. Mwen salye tout militant angaje kap kontinye batay Kanmarad Gerard Jacques Duplessis tap mennen an. Mwen santi mwen mye plase pou m fè yon ti pale de Kanmarad la nan Kòmantèm lan. GERARD JACQUES DUPLESSIS ke tout kominote Divivye te konnen rele BLAN akoz koulè pol pat sèlman yon militan,sete yon patrimwane pou chak moun kite gen chans koutwayel Onètetel fè kominote a ak zòn anvwazinant Divivye tankou Fontèn,Masyal,basan,baryè-Fè lawouse,Blanchard pou site sa yo sèlman pat jan m konn leve tèt gade l ni derespekte jiskapreza malgre li mouri li rete yon moniman nan fon ke nou pake li te gen lanmou pou nou e li te pwove nou sa….Nou pa gen anyen pou n repwoche Kanmarad Duplessis.

Leave Comments