In Memoriam Jera Jak Diplesi, alyas Blan

2462

Partagez cet article

Istoriryen Vertus Saint-Louis fè yon papye nan okazyon fineray Gérard Jacques Duplessis pou prezante kalite pèsonaj la li kwè ki se yon moun ki gen responsablite ak angajman. Daprè istoryen an, Duplessis se te yon moun ki gen konviksyon, ki renmen peyi a epi ki renmen moun. Nan tèks la, li abòde kesyon prejije ras ak inegalite sosyal ki poko janm rive disparèt nan sosyete a. Li montre tou kouman Duplessis te goumen kont diktati divalye yo. LIH Média pibliye tèks la paske lide Vertus Saint-Louis degaje yo enpòtan pou piblik la konnen yo.   

Mwen prezante kondoleyans mwen bay tout pitit, manman pitit, fanmi ak zanmi Jera Jak Diplesi. Nan moman m ap pale la a, nou tout nan gwo lapenn. Gen yon bagay sepandan ki kapab ban n yon ti bout konsolasyon: Lavi Jera se yon ekzanp. Jera panse epi viv ak tout kè li, ak tout nanm li, lide ke tout moun se moun, chak moun gen dwa pou yo respekte vi li, onè li, diyite li.

Pawòl la di si kokoye te gen valè li pa ta pouse sou rivaj. Kou w parèt ou wè li. Nan sosyete nou an moun ki gen gwo pouvwa ak gwo lajan se moun sa yo ki gen enpòtans. Ou pa ka wè yo fasil. Se pou trennen mache fè chen devan pòt yo pou w ap chache favè. Jera viv tankou tout moun. Depi 1969, l ap viv nan Diviye. Li tounen moun Divivye, e se la nan Divivye n ap selebre lavi li. San li pa gen ni pouvwa Leta ni gwo lajan Jera chaje ak enpòtans. Jera Diplesi se yon moun ki kont prejije ras, koripsyon ak enjistis k ap kangrennen sosyete peyi d Ayiti. Li pase tout vi l ap konbat twa kalamite sa yo.

Nou te fè revolisyon ki elimine prezans fizik kolon blan an sou teritwa d Ayiti. Men se te retire pye w pou m mete pa m. Milat yo eritye prejije kolon blan an alòske otrefwa yo te konn viktim, ap soufri anba l. Nèg nwa ki gen lajan regrèt li pa gen moso san blan pou amelyore ras li. Grannèg nwa ap goumen ak grannèg milat pou mete men sou kès Leta. Yo tout ap sèvi gouvènman ak kapitalis etranje alòske yo fè yon sèl kont mas pèp la yo konsidere ki pa menm ras ak yo. Men tout règ gen eksepsyon. Papa Jera Jak Diplesi se te deja yon eksepsyon sou kesyon prejije ras. Yon jou li soti Pòtoprens rantre nan vil Jeremi ak yon zanmi li ki nwa. Manman l refize zanmi an chita manje sou tab lakay li. Papa Jera oblije ap mache pasipala chache yon kote pou mete zanmi an. Atout Papa Jera te milat pote gran non, li te rebèl kont prejije koulè a. Li refize marye. Li fè pitit ak fi nwa. Doubi, manman Jera se yon dam nwa, moun Titwou Nip.

Jera Diplesi te tou piti lò papa l mouri. Aprè lamò papa Jera lavi difisil tonbe pou li ak manman l. Achte manje kredi nan men machann, paka peye dèt vini yon abitid nan kay la. Yon jou manman Jera kache andedan li di Jera si machann lan pase wa di li mwen soti mwen pa la. Defèt machann lan pase. Jera ki te timoun di : manman m di m di w li pa la. Doubi soti li tonbe ri ansanm ak machann lan. Nan mòd lavi sa a, Jera te gen sèt lane sèlman e li te gen tan gen sans responsablite. L ap soti anwo tèt mòn Bòlòs li prale a pye lekòl Teyat Jan Mari Giyou toupre katedral Pòtoprens. Li fè klas primè li Teyat. Li fè tout sekondè li Lise Petyon epi li rantre nan fakilte jeni.

Jera byen sonje kijan yon jou yon gwo responsab alatèt fakilte a di yon etidyan : gade jan ou rele, ou pa gen yon non. Gade entèl li gen yon non. Entèl sa a se yon milat ki pote yon non ameriken. Lòt etidyan an se te yon nwa. Gwo responsab la te vle di li pa gen non, li se yon peyizan. Depi nan lise, Jera te deja nan batay kont diktati Franswa Divalye. Rantre nan fakilte li nan batay pi rèd. Li patisipe nan grèv (novanm1960-mas1961) Inyon nasyonal etidyan aysyen kont dikatè Franswa Divalye. Li devlope kontak ak Union Intersyndicale d’Haïti, yon sendika ouvriye Ulrick Joli t ap dirije. Jera Diplesi te gentan resevwa diplòm li kòm enjenyè lò li ale an 1964 nan yon kongrè etidyan aletranje. Li pa ka tounen. Ak diplòm li nan men l, li te ka tou ranje pwoblèm pèsonèl li aletranje. Li santi se sou teritwa Ayiti menm pou li ye pou li mennen lit kont dikatati Divalye. Li imajine pou li antre ankachèt nan peyi a. Se konsa li ateri an septanm 1959 nan Divivye kòm yon senp peyzan, moun Benè ki vin chache travay nan chan kann Hasco.

Li pran yon non peyizan Antwàn Dyejis. Popilasyon an rele li blan. Moun yo sezi wè blan kapab koupe kann. Nan epòk sa a dikatati Divalye t ap frape fò e anpil jenn gason nan Divivye ak tout Plèn nan te pèdi lavi yo. Diplesi mouri poul li. Aprè kèk lane, yon dam ki te konn rann li sèvis sote sou Diplesi ap li yon papye. Dam lan sezi. Li di : « yo pa vle moun li non, anpil moun pèdi lavi poutèt yo konn li ». Nan epòk sa a, si yon moun konn li, makout gouvènman an di swa li se kamoken swa li se kominis. Gen papa ak manman ki pa vle voye timoun lekòl, paske konn li se danje. Pito w pa konn li men w gen lavi.

Lamò Franswa Divalye pa chanje gran choz nan sistèm diktati a. Diplesi toujou anba pay. Apèn yon ti relachman ta vle parèt, Jera Jak Diplesi koumanse patisipe nan travay Inyon Fòs Patriòt ak Demokrat Ayisiyen, (IFOPADA). Li nan ekri e distribye premye jounal klandesten ki reyisi soti depi plis pase 10 lane sou teritwa. Li koumanse ap ede CATH (Centrale Autonome Travailleurs Haïtiens) ki te gen alatèt li 3 pèsonaj : Gabriel, Armand, Auguste Mesyeux. CATH t ap fonksyone nan klandestinite. Samyèl Jeremi, yon kolonèl makout mande ki kote pati politik sa a gen syèj li. 7 fevriye 1986, Janklod Divalye tonbe, Diplesi kenbe menm lavi li t ap mennen an. Li nan batay kont Nanfi-Regala, kont Pwospè Avril, kont Sedras ak Michèl Franswa. Yon moman li soutni Aristid men ak rezèv e distans, li pa pran pòs nan okenn gouvèneman. An 1994, Pwofesè Bérard Cénatus ofri li yon pozisyon kòm sekretè jènéral Lekòl Nòmal. Li travay ak diyite nan pozisyon sa a jouskaske lamò vini pran l.

Jera Jak Diplesi se yon modèl moun ki gen konviksyon, ki renmen moun e ki renmen peyi l.

Okta.  

Vertus Saint-Louis, Historien

1 Comment

  1. I absolutely love your blog and find most of your post’s to be
    what precisely I’m looking for. Would you offer guest writers to write content available for you?

    I wouldn’t mind publishing a post or elaborating
    on many of the subjects you write about here.
    Again, awesome web log!

Leave Comments