Nikaragwa ap fete 41 lane viktwa rebelyon popilè Sandinis yo kont diktati Samoza

255

Partagez cet article

Jodi 19 jiyè a fè 41 lane depi Pèp Nikaragwa te pran pouvwa nan lane 1979. Pèp la te kòmanse yon pwosesis revolisyonè ki pote non: Revolisyon Sandinis. Yon fason pou onore memwa Augusto Calderón Sandino, yon ewo Nikaragwa ki te goumen zàm nan men ant 1927-1934 pou libere Nikaragwa anba dominasyon enperyalis. Comandante Daniel Ortega ki t ap batay bò Kote Pèp la nan kad yon gwo rebelyon Popilè ak zàm te rive dirije peyi a.

Se Fwon pou Liberasyon Nasyonal (FSLN), yon pati politik sosyalis ki te zouti Politik Pèp Nikaragwa a. FSLN te mennen rebelyon Popilè ak zàm pou kapab kwape diktati Samoza, yon dinasti ki te dirije Nikaragwa pandan 43 lane pou pi piti. Diktati Samoza te jwenn apwi Etazini. Men fòs ak detèminasyon Pèp Nikaragwa fè dinasti Samoza yo vole gagè.

Eksperyans Revolisyonè Nikaragwa (1979-1989) te reprezante lespwa pou tout Pèp k ap goumen pou Liberasyon anba dominasyon enperyalis ak sistèm kapitalis peze souse a.

Men Etazini te finanse gwoup nèg ak zàm (Los Contras) pou konbat revolisyon an. Gwoup nèg ak zàm sa yo t ap mennen aksyon teworis pou entimide revolisyonè yo. Anpil militan te pèdi lavi nan travay akonpayman Pèp Nikaragwa.

Men Jenn yo ak tout militan revolisyonè yo pa t sispann apiye gouvènman revolisyonè Daniel Ortega ki te pote anpil chanjman nan peyi a tankou: alfabetizasyon, aksè a edikasyon, refòm agrè Popilè, kredi pou pou Nouvo antrepriz, nasyonalizasyon richès peyi a, elatriye.

Nan lane 1989, pwopagann manti enperyalis ak tout fòs fènwa retwograd ladwat rive genyen eleksyon yo. FSLN te aksepte defèt la. Prezidan Daniel te deside ale fè travay nan baz Popilè FSLN yo pou kapab rive ranfòse fòmasyon politik Pèp la.

Pandan tan sa a, Ladwat ak enperyalis meriken t ap detwi peyi a. Moun ki te rich vin pi rich. Moun ki te pòv ap vin pi pòv chak jou.

Se poutèt sa, nan lane 2006, Pèp Nikaragwa te deside vote masivman pou Prezidan Daniel Ortega retounen sou pouvwa. Pwosesis revolisyonè a ap kontinye depi 2007 jiska jodi a, 19 jiyè 2020.

Ladwat, laboujwazi, peyi enperyalis yo ak anpil lòt sektè te mennen batay pou bay Prezidan Ortega koudeta. Men Pèp la deside kontinye defann Revolisyon Sandinis la kinalaganach.

Etazini konsidere Kiba, Nikaragwa ak Venezyela tankou lenmi jire l. Anbago, tantativ koudeta, enjerans ak agresyon fè pati estrateji enperyalis la kont Pèp Nikaragwa a.

Pèp Nikaragwa ap selebre gwo jounen sa ak anpil fyète patriyotik. Nan peyi Nikaragwa genyen yon Revolisyon Popilè k ap fè chimen l. Eslogan pou fèt sa a se: Prezidan ap rete, menmsi w ap plenyen. Yon fason pou Pèp la di opozisyon an wayan, Prezidan Daniel Ortega ak FSLN kontinye dirije peyi a.

Fòk nou di, genyen gwo chanjman ki fèt nan pwosesis revolisyonè a parapò ak premye eksperyans 1979 la. Men karaktè sosyal revolisyon an pa chanje yon yota: Pwogràm edikasyon, inivèsite, kredi pou ranfòse nouvo antrepriz, bous etid, lasante gratis, apwi pou moun ki pi pòv yo, Konstriksyon enfrastrikti ekonomik ak sosyal, elt.

N ap swete Pèp Nikaragwa bòn fèt. 41 lane pa 41 jou. Batay y ap mennen an se batay tout Pèp Vanyan ki vle viv LIB. Pèp Nikaragwa montre yon lòt fwa ankò Pèp k ap goumen p ap janm pèdi batay. Ayibobo.

Jean Jores Pierre, Militan
Ekonomis

Leave Comments