Partagez cet article
Pwofesè Victor Benoit bay jounalis Anthony Pascal tout moun konnen sou non Konpè Filo, ki travèse jou ki te 31 jiyè 2020 a, yon ochan. Nan tèks li ekri a, pwofesè a prezante pèsonaj la kòm yon moun onèt, yon demokrat pwogresis, yon militan popilè. Li fè lwanj pou jounalis pwofesyonèl la ki te mennen anpil batay kont diktati Duvalier yo, pou lang ak kilti kreyòl te jwenn plas li merite nan nan sosyete a, epi pou demokrasi boujounen. Pou Victor Benoit, Konpè Filo pa ka mouri. Li fèt pou l rete gwo pye mapou ki nan Kalfou a. LIH Média pibliye tèks la pou pèmèt lektè ak lektris li yo dekouvri kilès Konpè Filo te ye sou kout plim youn nan konpayèl batay li.

Filo, zanmi kamarad nou
Filo, frè nou
San zatann nou aprann ou travèse
Kou a di pou nou
Kou a di pou tout moun ki konnen ki kalite moun ou ye
Sa vle di yon jounalis pwofesyonèl, yon demokrat pwogresis, yon militan popilè, yon sitwayen onèt ki renmen ede sa k pi pòv yo.
Pèsonn pa p aksepte pou zòt di Filo mouri
Paske moun tankou w paka mouri
Le nou sonje kouraj ou kòm jenn gason nan lane 1970-1980
Anba rejim bout di Diktatè Divalye, ou pa t pè itilize mikwo Haiti Inter
pou bay chak 9è di swa nouvèl san sere kras, nouvèl djanm ki te montre pami jenn yo gen jounalis vanyan patriyòt
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje ou te ka montre pèp ayisyen wout pou l pran
Pou l kapote diktati a an « Haïti » ou te konn pran egzanp
Sou sa ki pase an Iran kote pèp peyi sa te chavire rejim CHA a
Egzanp sou pèp Nicaragua ki te ranvèse Somoza
Yon Diktatè ki te sanble ak Jean Claude Duvalier
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje ou te konn bay lapawòl a tout sektè
Sitou moun kite pi meprize nan sosyete a
Ti peyizan kite viktim paske gwo chèf te pran tè yo
Ouvriye ki pa t ka fè sendika
Etidyan ki t ap reklame otonomi ak kanmpis pou inivèsite Deta.
Militan dwa moun ak kèk sitwaywen ki te pran chans kritike prezidans a vi a
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje move lavi ou pase pou tout travay sa a ou t ap fè
pou ede pèp ayisyen jwenn wout liberasyon li.
Ti Candio makout fè fèmen w Fò dimanch, yon prizon yo te konn voye moun al pouri
Ti Boule militè kriminèl bat ou nan kazèn Dessalines epi deranje machwè w
An novanm 1980, yo voye w an ekzil sa ki fè ou manje fredi nan Kanada, nan Nouyòk pandan 6 lane.
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje pou ki kantite jèn jounalis ou louvri baryè
Lè nou sonje ki kantite jèn ou ede vin patriyòt ak demokrat
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje sèvis ou rann kilti pèp ayisyen an : kreyòl la ou fè anpil jounalis itilize tankou w nan radyo ak televizyon
Respè pou vodou ki se nanm pèp ayisyen an
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje ou pa janm bliye orijin ou menm lè ou vin yon gran jounalis respekte nan anpil peyi sou latè
Ou pa ka mouri
Lè nou sonje pandan w ap kritike konpòtman zòt, ou pa janm rayi pèsonn
Lè nou sonje se yon sèl bagay ki enterese w se : Chanjman pou pèp ayisyen an
Filo, ou se yon kòk bon ras
Men nou konnen ou travèse ak tristès na kè w
Paske ou wè Ayiti sou lagraba
Se pa pou sa ou te kontinye ap goumen
Non ou pa ka mouri
Ou fèt pou rete gwo pye mapou ki nan Kalfou a
K ap simaye bon lidè pou Ayiti
Ou pa fèt pou mouri
Ou pa p janm mouri nan kè ti pèp ou a
Ou pa p janm mouri na kè nou.
Victor Benoit