Anpil Pati ak Òganizasyon Politik denonse zak dèyè do lalwa Prezidan Jovenel Moise poze

308

Tags:,

Partagez cet article

Nan sitiyasyon konjonkti peyi a ye la, Pouvwa Egzekitif la ap pran yon seri desizyon gwo ponyèt k ap vyole lalwa peyi a ak konstitisyon an. Konsa, desizyon tèt chaje li fenk pran pou kreye yon KEP epi ba li yon gwo responsablite pou fè referandòm konstitisyonèl la pa piti. Yon zak konsa, se tout peyi a ki dwe angaje ladan l, poutan pouvwa rejim PHTK deside poze li selon limenm. Se konsa, anpil sektè monte vwa yo pou denonse ak tout fòs yo aksyon Jovenel Moise la. LIH Média ap rapòte sa yon ansanm pati ak òganizasyon politik ki nan opozisyon an kounye a ki voye jete desizyon Jovenel Moise la.             

Yon ansanm Pati ak Òganizasyon politik ki nan opozisyon ak rejim PHTK a ak alye li yo denonse ak tout fòs yo desizyon Jovenel Moise pou mete kanpe yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pèpè sou pye, daprè sa yo ekri nan yon nòt ki parèt 20 septanm nan. Estrikti politik sa yo di yo choke anpil devan zak dèyè do lalwa Prezidan Jovenel Moise poze nan lanwit 18 septanm 2020 an kote li pran arete No 151/175e Ane, ki parèt nan jounal Le Moniteur, ki ofisyalize, nan atik 1e li, non 9 manm yon KEP. Yo fè konnen rejim PHTK demantibile chak jou piplis tout enstitisyon peyi a, li vyole atik 289 Konstitisyon peyi a. Anpil nan Pati sa a yo, te gen anpil Dirijan ki t ap sipòte Pouvwa a, anpil Depite ak Senatè ki te gonfle Majorite Pouvwa Tèt kale a epi ba yo yon boulva pou tout vòt pase nan Chanm yo depi preske 10 lane.

Pati ak Òganizasyon politik sa yo deklare yo gen gwo tèt chaje devan Atik 2 arete sa ki ofisyalize misyon KEP dezagreman an nan ba li manda pou òganize referandòm pou bay peyi a yon lòt Konstitisyon; òganize eleksyon lokal, minisipal, lejislatif ak prezidansyèl; epi òganize eleksyon pou tout lòt pòs ki ka vin lib, annatandan mete kanpe yon Konsèy Elektoral Pèmanan.

Yo denonse yon lòt kote Jovenel Moïse ki kontinye ap vyole Konstitisyon peyi a epi kreye kondisyon pou kriz la agrave. KEP tèt anba sa mouri nan pasaj. Li fèt sou vyolasyon Konstitisyon an; li gen manda pou al kontinye vyole Konstitisyon an, ki li menm, nan atik 284.3 li, di: « Yo pajanm gen dwa fè referandòm, pou yo mande pèp la si li dakò pou gen chanjman nan konstitisyon an », daprè sa nòt la presize.

Pati ak Òganizasyon politik yo di yo sezi wè kijan ak Arete enkonstitisyonèl, ilegal sa, Jovenel Moïse pwouve li se yon diktatè, ki kwè li gen tout pouvwa aprè Bondye. Li kapab fè sa l vle, jan l vle san respè pou lalwa depi enterè patwon l yo pa menase.

Pati ak Òganizasyon politik yo mande Peyi a pou rete sou de pye militè epi veye Lajounen kou lannwit zak Jovenel MOÏSE yo k ap planifye vyolasyon atik 284.4 Konstitisyon an ki entèdi tout amandman ki ka deranje karaktè demokratik ak repibliken Leta a.

Yo pajanm gen dwa fè okenn chanjman nan konstitisyon an, Si chanjman sa a ta fè, peyi a pa gen demokrasi anndan l ankò, ou byen si chanjman sa a ta fè, peyi d Ayiti pa yon repiblik ankò.

Atik 284.4 Konstitisyon

Nòt la rapousi pou di Jovenel Moise konnen manda li ap bout 7 fevriye 2021, li bezwen bay tèt li plen pouvwa, jan li bay tèt li pouvwa kreye sektè nan sosyete a, san pèsonn pa konnen ki gwoup òganize ki anndan sektè sa yo, ki òganizasyon ki deziye moun ki pou rantre nan swadizan KEP a ak 9 endividi san lejitimite. Mannèv mouche Jovenel Moïse la vle mete popilasyon an nan yon blakawout politik total kapital epi foure peyi a nan katchouboumbe, daprè sa ki ekri nan nòt la. Pati ak Òganizasyon Politik yo di yo pran ak, diktatè Jovenel Moïse pa ezite pase konstitisyon an anba pye l avèk yon senp mezi reglemantè pou l fè dappiyanp sou pwosesis elektoral la, kontwole l jan l vle, chwazi moun li vle pou rive sou pouvwa a, bay rezilta li vle nan kad yon eleksyon malatchong, eleksyon pike kole, eleksyon seleksyon li menm ak mèt li yo deside pou malè Ayiti.  

Ansanm Pati ak Òganizasyon yo mansyone yo konstate aprè konfyolo kat idantifikasyon nasyonal Dermalog-Martine Moïse la, nouvo apranti diktatè ayisyen an franchi avèk Arete de grenn gòch sa a dezyèm etap plan makab li genyen an pou bay panzou epi dechalbore tout enstitisyon nan peyi a, kraze tout pwogrè pèp Ayisyen an rive fè nan konstriksyon demokrasi pou peyi a pandan 34 dènye lane sa yo. Yo fè konnen Jovenel Moïse pwouve li se yon danje pou avni demokrasi ak devlopman tout moun reve pou Ayiti a.

Pati ak Òganizasyon politik yo klè ak tèt yo lè yo deklare, jounen jodi a, pwojè diktatoryal Jovenel Moïse la klè, li pa kapab maske ankò. Yo di se pa de atik nan Konstitisyon an li voye jete: Atik 284-3 ki entèdi referandòm sou Konstitisyon nan peyi a, atik 136 ki oblije Prezidan repiblik la respekte, aplike epi fè aplike Konstitisyon ak tout lwa peyi a, atik 150 ki di prezidan pa kab bay tèt li plis pouvwa pase sa Konstitisyon an ba li. Nòt la rapousib pou li montre Jovenel MOÏSE rann koupab pou krim trayizon kont Nasyon an daprè atik 21 manman lwa peyi a. Pati ak Òganizasyon politik kondane ak kout fòs yo, zak maspinay Jovenel Moïse ap tante fè sou peyi a epi mande li prese prese antre Arete lawont sa.

Pati ak Òganizasyon politik yo repete fèmeman : Kou sa pa p pase pandan yo di yo deside batay ak tout fòs yo pou bloke pwojè koudeta eletoral PHTK a pandan y ap mande tout demokrat, tout patryòt nan peyi a mache kontre prese prese pou di Jovenel Moïse NON! Epi ba l repons dènye provokasyon sa a merite. Nòt la fini pou l di : Viv demokrasi ak pwogrè pou pèp Ayisyen ! Viv Ayiti !

Pou Pati ak Òganizasyon Politik ki siyen yo se : OPL, PFSDH (FUSION), MOCHRENHA, VEYE YO, INIFÒS, SDP, AAA, VÉRITÉ ak INITE.

Leave Comments