Enperyalis nan lemonn ak peyi d Ayiti

171

Partagez cet article

Che Guevara te deklare[i]: « Nou pa dwe fè enperyalis la menm yon ti pwèlyèm konfyans ». Yon peyi vin enperyalis se lè l ap chèche domine lòt peyi, eksplwate lòt pèp pou kapab mete lapat sou tout resous materyèl ak imateryèl ki egziste sou teritwa yo.

Enperyalis kapab defini tankou politik klas dominan yon peyi pou tabli dominasyon l sou lòt Pèp oubyen lòt teritwa nan lide pou kontwole epi piye resous ak richès Pèp yo ap pwodwi. Dominasyon an fèt sou tout fòm: politik, ekonomik, kiltirèl, teknolojik, militè, entèlektyèl, rasyal (sou koulè po), elt. Estrateji enperyalis la chita sou dominasyon:

  1. Yon ti gwoup peyi ki pote non grand puisans.
  2. Yon ti gwoup antrepriz ki pote non Antrepriz transnasyonal.
  3. Yon ti gwoup moun nou kapab rele oligachi mondyal la.
  4. Oganizasyon, enstitisyon nasyonal ak entènasyonal yo.

Kat (4) kategori sa yo reprezante sa nou rele Sistèm Enperyalis la. Youn apiye lòt. Youn ap travay pou lòt. Peyi enperyalis yo kreye antrepriz transnasyonal pou tabli dominasyon ekonomik yo sou planèt la. Antrepriz transnasyonal se espas kote boujwa akimile richès, fè lajan fè tiyon. ONG ak enstitisyon entènasyonal yo resevwa finansman nan men Gouvènman, boujwa ak antrepriz transnasyonal yo. Genyen ONG ki fè kèk travay enpòtan. Men Majorite ONG yo se ajan Sistèm Enperyalis. Pa egzanp, USAID se yon ONG gouvèman meriken kreye pou aplike estrateji enperyalis la.

Konsènan ti gwoup peyi enperyalis yo, majorite se ansyen peyi esklavajis. Sa vle peyi ki te mete zansèt Lafrik nou yo nan lesklavaj. Kolonizasyon peyi ak teritwa kontinan Amerik ak Lafrik se yon egzanp konkrè pou demontre kòman sistèm enperyalis la fonksyone[ii].

Ti gwoup peyi enperyalis yo fè pati sa ekspè yo rele Triyad (triarde nan lang franse). Triyad la regwoupe: Etazini, Ewop oksidantal ak Japon. Peyi sa yo kontwole : 80% komès nan lemonn ; 70% pwodiksyon k ap fèt sou tout planèt la ; 90% finans lemonn ; epi 80% pwodiksyon syantifik yo (pwodiksyon lakonesans). Biwo santral oubyen syèj tout gwo enstitisyon entènasyonal yo tabli nan Triyad yo : Oganizasyon Nasyon Ini (ONU), Bank Mondyal ak FMI genyen biwo prensipal yo Etazini ; Oganizasyon Mondyal Komès (OMC) nan peyi Laswis. Se peyi ki fè pati triyad yo ki genyen lajan k ap sikile nan komès entènasyonal la : Dola, Ewo, Yen.

Peyi enperyalis yo kreye oubyen ankouraje kreyasyon yon bann enstitisyon nasyonal ak entènasyonal. Enstitisyon sa yo kreye pou defann enterè peyi enperyalis yo. Nou kapab site kèk: ONU, OEA, FMI, OMC, Bank Mondyal, elt. Enstitisyon entènasyonal yo patisipe nan kreyasyon oubyen kreye direkteman enstitisyon nasyonal pou defann enterè enperyalis la.

Nan yon rapò sou repatisyon richès nan lemonn ki pibliye nan  lane 2019, Oxfam te montre kòman 26 boujwa milyadè[iii] entènasyonal kontwole menm kantite lajan ak 3.6 milya moun. Sa vle di, 26 moun genyen menm kantite richès ak mwatye moun k ap viv sou planèt la. Boujwa peyi enperyalis yo se pwopriyetè antrepriz transinasyonal yo. Boujwa peyi domine tankou Ayiti ap fonksyone anba lòd boujwa peyi enperyalis yo. Men tout boujwa yo se menm. Boujwa nan tout peyi genyen yon sèl konpòtman : eksplwate fòs kouraj travayè.  

Aktyèlman, lagè, okipasyon militè ak manipilasyon medyatik se pi gwo zouti peyi enperyalis yo itilize pou kapab domine planèt la, kote majorite popilasyon nan lemonn ap viv nan lamizè. Nou kapab di nan yon lòt sans, tout boulvès lemonn ap fè fas aktyèlman se konsekans politik enperyalis la. Lagè, masak, lamizè, okipasyon ak agresyon militè, teworis nasyonal ak entènasyonal, elt. fè pati estratji pou peyi enperyalis yo pou toujou gen lamayòl. Men Pèp yo toujou leve kanpe pou mande pi bon kondisyon lavi. Batay pèp yo fèt sou tout fòm.   

Pèp Ayisyen te rive pran endepandans li sou enperyalis Fransè nan lane 1804 pou konstwi yon pwojè libète byennèt okenn moun pa t panse ki t ap posib nan epòk sa a. Jean Jacques Dessalines ki se Papa Nasyon an te jire pou pa kite Kolon Fransè vin dirije peyi d Ayiti ankò. Konplo ki te fèt pou touye Anperè Desalin 17 oktòb 1806 bay pwojè libète byennèt la yon kalòt marasa. Depi 1806, Ayisyen nan batay pou rejwenn souverènte l. Pèp Ayisyen poko janm rive mete yon Gouvènman Revolisyonè pou defann enterè peyi a. 

Pa twò lontan, Pèp Kiba ak Venezyela rive mete do enperyalis meriken atè. Kiba ak Venezyela ap konstwi  yon pwojè sosyalis ki leve plim sou do Etazini. Paske, enperyalis meriken an se gadyen oubyen defansè sistèm kapitalis pezesouse a. Fidel Castro, yon lidè Revolisyonè wòtpòte rive reziste anba menas ak atak enperyalis meriken. Hugo Chavez epi Nicolas Maduro deside mennen bak peyi Venezyela san pran lòd nan men Etazini ak okenn lòt peyi.

Batay 2 Pèp sa yo pèmèt anpil gwo pwogrè rive fèt. Tout popilasyon Venezyela ak Kiba jwenn lasante gratis. Kalite swen sante peyi sa yo klase pami sa ki pi bon nan lemonn. Leta mete lekòl nan tout nivo pou tout moun. Leta mete kredi pou tout moun ki vle kreye yon aktivite ekonomik pou satisfè bezwen l. Kiba pa genyen okenn boujwa k ap eksplwate fòs kouraj travayè yo. Sa vle di, richès Pèp Kiba kreye pa ale nan pòch kèk grenn moun voras ki pote non boujwa, se tout sosyete Kibèn lan ki benefisye.

Revolisyon Kiba montre aklè yon sosyete pa bezwen Boujwa pou l fonksyone. Okontrè laboujwazi se yon pwoblèm pou avansman sosyoekonomik. Pwogrè peyi Kiba se rezilta bon jan jesyon resous peyi sa nan benefis tout popilasyon l. Yon gouvènman revolisyonè ak dirijan ki pa kowonpi sifi pou mete yon peyi sou chimen pwogrè sosyoekonomik menm jan Pèp Kiben an rive fè sa.

Chak jou, Kiba ak Venezyela anba gwo menas Etazini. Peyi sa yo ap viv anba yon anbago kriminèl ki afekte kondisyon lavi popilasyon yo. Men Pèp Kiben ak Venezyelyen sèmante pou yo pa janm tounen anba dominasyon ak imilyasyon enperyalis meriken.

Enperyalis la se senbòl enjistis, imilyasyon ak dominasyon. Aksyon Kò Gwoup, espesyalman Anbasad meriken nan peyi d Ayiti se mak fabrik enperyalis la. Awogans peyi sa yo pa yon aza. Pa gen lòt chimen pou peyi nou sòti anba dominasyon enperyalis : se batay kont tout kalte kolon ak tyoul enperyalis la epi rive tabli yon revolisyon sosyal kote se yon Gouvènman Revolisyonè k ap dirije peyi a.

Pèp k ap goumen pa janm pèdi batay. Bon jan òganizasyon ki makonnen ak revandikasyon Pèp Ayisyen se kle siksè batay pou libere peyi nou anba dominasyon enperyalis.

Jean Jores PIERRE


Jean Jores PIERRE ki ekri Atik sa a se manm Komite Pedagojik Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Peralte. Atik sa ekri nan kad semenn antienperyalis Asanble Entènasyonal Pèp yo lanse nan 2èm semenn mwa oktòb la.


[i] https://www.youtube.com/watch?v=uqkPtFDYSbI

[ii] Konsa tou, kolonizasyon se yon bon egzanp pou demontre kòman yon gwoup moun kapab konsidere koulè po l siperyè ak koulè pou yon lòt pèp (se sa ki rele enperyalis rasyal la, nou p ap rete sou koze ras la paske sou planèt la genyen yon sèl ras: ras moun).

[iii] https://www.france24.com/fr/20190121-oxfam-rapport-inegalites-davos-pauvrete-milliardaires-impots

Leave Comments