Sant Kiltirèl Lawouze reflechi sou enpòtans lang kreyòl nan batay pou liberasyon pèp la

150

Partagez cet article

Lang kreyòl la, premye lang tout Ayisyen fanm kou gason pale, pa sispann sibi diskrimansyon ak prejije an Ayiti. Yon ti ponyen moun, depi dikdantan, pa janm sispann itilize lang franse pou mete kouch sosyal ak popilè yo sou kote. Mete sou sa, gwoup minoritè sa itilize zouti kominikasyon pou alimante eksklizyon ak inegalite sosyal. Inegalite sosyal pifò popilasyon an sibi devan lang lan mennen dirèk nan enjistis sosyal. Y ap jije moun an Ayiti nan lang li pa konprann. Timoun ap etidye nan lang yo pa konprann. Se pa san rezon ki fè 65 pousan elèv ayisyen pa reyisi bakaloreya yo chak ane. 

Ansanm pwoblèm sa yo riske anpeche lang kreyòl la jwenn plas li merite tout bon nan sosyete a. Sant Kiltirèl Lawouze (SKL), youn nan enstitisyon ki pa vle rete endiferan nan batay pou lang lan rive layite kò l, poze kèk aksyon pou fè pwomosyon lang lan. Nan sans sa, nan lokazyon selebrasyon lang ak kilti kreyòl yo pou mwa oktòb 2020 an, jou lendi 26 oktòb la, SKL nan tèt kole ak Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an òganize yon kozri sou tèm : « Lang kreyòl nan batay pou liberasyon pèp ayisyen an » nan Détente Ciné, Laskawobas. 

Devan yon piblik ki gen ladan l elèv nan klas sekondè, anseyan, etidyan ak kèk lòt pwofesyonèl, kozri a te demare nan yon bèl anbyans tèt frèt. Madmwazèl Clara Castel, elèv segondè 4 nan kolèj St-Gabriel te prezante akademisyen-ekriven Pierre Michel Chery ki t ap mennen batbouch la. Piblik la te apresye jefò jennfi a ki t ap kanpe zèv lotè a anvan li ba li lapawoli. Sa se yon prèv ki montre tout bagay pa pèdi nan sosyete, genyen kèk grenn lespwa k ap simen kèk kote piti kou l ye. 

Pierre Michel Chery devlope 4 tèz li di ki genyen sou orijin lang kreyòl la. Premyèman, lang kreyòl la soti nan lang franse a. Lenguist ewopeyen yo sitou ki se premye defansè tèz sa fè konnen lang kreyòl la se yon defòmasyon lang franse a. Se sa k ki pral mennen yo envante ekspresyon ki di kreyòl la se fòm pale « Petit nègre ». Dezyèm tèz la soutni lide ki fè kwè lang kreyòl la soti an Afrik, men ak yon franse sou po. Tèz sa chita sou teyori releksifikasyon an, ki se yon metòd, yon modèl pou eksplike chanjman lenguistik k ap fèt nan yon lang. Esklav yo re-entèprete sa kolon yo di epi mete yo nan gramè pa yo. Daprè akademisyen an, lang pa yon eleman fije, li bouje epi li evolye nan tan ak espas. Se sa ki fè atik defini yo nan lang kreyòl la vini apre mo yo. Paregzanp: Larivyè a. Twazyèm tèz la ranvwaye ak konsèp ki rele biyopwogram, yon teyori lenguist-natiralist Derek Bickerton devlope pou l montre kote inivèsèl gramè, eleman ki eksplike fakilte langaj la ak mekanis pou lang lan grandi. Teyori sa chita sou eksperyans kote yo mete 2 timoun ansanm ki pa pale menm lang, rive devlope yon lang pou yo kominike epi konprann youn lòt. Se nan sans sa, lenguist ameriken Chomsky nan refleksyon sou evolisyon lang deklare : « chak moun posede yon gramè inivèsèl pou li pale ». Katriyèm e dènye tèz la jwen sans li nan teyori ki pote non Afro-jenèz la. Sa vle di depi an Afrik te gen yon lang kreyòl. Tèz sa defann lide kreyòl la melanje ak lòt lang. Lotè Eritye Vilokan an fèmen pati sa pou li atire atansyon sou fenomèn pidjin nan, yon lang redui ki pa lang matenèl ou men 2 pèp pale li youn konprann lòt nan yon espas espesifik. Li pran kòm egzanp fwontyè Ayiti ak Dominikani kote fenomèn sa devlope. Gen dominiken ki pale panyòl ak ayisyen ki pale kreyòl, yo rive kominike youn ak lòt.

Pilwen, akademisyen an bay dizon li sou 4 tèz li devlope yo pou l montre fenemèn lang yo pa kapab plake youn sou lòt nenpòt ki jan. Ni ou pa kapab esklav yon tèz oubyen yon teyori pou apwoche evolisyon lang kreyòl la daprè sa li soutni. Chak kominote devlope lang yon mannyè selon reyalite ak eksperyans li. Yon moun ki anglofòn ki pale kreyòl pa gen menm rapò ak lang kreyòl tankou yon franse ki pale lang lan. Tout espesyalis yo ap chache kore yon tèz san yo pa metrize fenomèn yo. Lang lan tèlman gen eleman ak paramèt pou konsidere tankou: edikasyon, orijin, kilti elatriye, se pa yon antite ou kapab sènen fasil. Pierre Michel Chery site kòm egzanp se Afriken yo ki vin ak plantasyon diri nan Latibonit.  

Apre li fin debat sou tout tèz yo, analize tout difikilte ki genyen nan entèferans ant franse ak kreyòl an Ayiti, akademisyen an mande pou otorite nan Leta ekri ak pale lang kreyòl la byen jan prensip akademi an mande sa pou pa simen konfizyon. Li di misyon AKA se defann dwa lenguistik popilasyon an. Li ajoute kreyòl se pa sèlman yon lang, li se yon kilti, yon fason moun viv. Kreyòl la gen yon karaktè idantite nan tout karayib la, daprè lotè Bèbè Gòlgota a. 

Yon lòt kote, Pierre Michel Chery bay opinyon li sou pozisyon ki fè kwè lang lan pa dwe rele kreyòl li dwe rele ayisyen. Pou li menm deba a pa rete nan nivo sa. Li panse Leta ayisyen dwe pran responsablite pou fè lang kreyòl gen tout enpòtans li nan peyi a. Li dwe aji pou konbat enjistis ak prejije ni moun ni lang lan ap sibi nan sosyete a. 

Pou sa ki gen pou wè ak enpòtans kreyòl la nan liberasyon pèp ayisyen an, konferansye a kwè lavi fèt ak kontradiksyon. Se nou menm moun ki toujou aji pou depase kontradiksyon yo. Se menm bagay la ki te pase nan koloni Sendomeng lan lè pou mas esklav yo te libere tèt yo anba dominasyon kolon franse yo. Si jodi a, anpil ayisyen ap sibi alyenasyon, sa vle di pran tèt yo pou sa yo pa ye, se pa yon aza. Se mannèv enperyalis la ki rive konstwi sa nan tèt yo. Se sa ki fè li enpòtan pou nou dekonstwi alyenasyon an pou nou jwenn vre idantite nou. Nou pa gendwa konplekse pou n pale, manje, ekri, abiye, fè tout sa nou vle an kreyòl, daprè defansè lang ak kilti kreyòl la. 

Leave Comments