Manfouben n k ap tiye n

Ilistrasyon SEJ
312

Partagez cet article

Nan jou pase yo, gen moun ki t ap mande m si nivo ensekirite a te ogmante nan Pòtoprens aprè mwen te fin pataje avèk yo vòlè ak zam te depouye m pandan m t ap soti labank. Mwen pa t ka kouri reponn paske avan fòk mwen te konnen: Èske zak mwen te sibi a pa t izole? Èske se yon sijè ki ap fè aktyalite? Epi kisa ki ta ka eksplike ogmantasyon ensekirite a?

Pou kòmanse, pou mwen te ka gen yon opinyon ki fidèl ak sa k ap pase nan peyi a, mwen t ale fouye nan kèk jounal. E konsa mwen te tonbe sou yon bann atik ki te prèt pou glase san m tankou: “yon chofè kamyon yo asasinen sou wout Kafou”, “zak sasinay sou yon mouche ak tout mandanm li andedan lakay yo”, “vyòl sou yon tifi onz lane”… Kalite enfòmasyon sa yo bonbade radyo yo, televizyon yo ak rezo sosyal yo tou.

Se konsa mwen te dedui ensekirite a li monte pou l rive nan yon nivo ki tèlman ekzajere, se manman pitit mare senti. Se sa k fè m ka di tou zak vòl ame mwen te sibi a p at izole. Sepandan, sa gen de a twa lane, sou wout inivèsite mwen, m te konn travèse kèk zòn kote la lwa pa rive, kote vòl, vyòl, bri bal, zak sasinay t ap fè ribanbèl, sa ki te fè anpil fwa mwen te konn ap eskive bal ak kadav ki blayi sou pil fatra pou m pase.

 Nan sans sa a, nou ka di vyolans lan pa yon fenomèn ki fèk parèt, men nan dènye jou sa yo, sitiyasyon an pran yon lòt dimansyon kote bandi yo vin taye banda nan zòn kote moun te konn mache kè pòpòz. Konsa jou koulye, risk pou yo asasinen yon moun a nenpòt kilè nan mitan lari pa pi elve nan geto yo pase lòt kote yo.

Tankou anpil moun ki konn abitye di sa, sa ki lakoz ensekirite a an Ayiti avan tout bagay se malsite ki blayi nan tout rakwen peyi a, gen lòt moun ki konn ajoute pou di se koripsyon, movèz gouvènans, lòt koz ekonomik… Men, mwen vle soulinye kèlkeswa sa ki ta lakoz li, gen yon eleman ki pi grav nou dwe site e nou dwe analize, se abitid manfouben, sa pa gade n, kite mele n ak pasivite n ki rann nou konplis nan lage peyi a nan men yon bann kriminèl, abolotcho, sèvèl vid pou yo sèl kòk chante. Abitid sa yo rann nou koupab nan sitiyasyon kè sote sa a ki fè nan lari tout moun sispèk, menm jan nou koupab nan lanmò elèv Evelyne Sincère, etidyan Gregory Saint-Hilaire, dwayen Monferrier Dorval, pou site sa yo sèlman.

Pou mwen retounen sou istwa ki nan kòmansman tèks la, mwen dwe di eksperyans sa a se youn tankou nenpòt lòt lavi a ka plase sou chimen yon moun. Konsa tou mwen dwe avwe pandan zam bandi yo te brake sou pwatrin mwen, tout pandan souvni kèk moun t ap defile nan lespri m pi rapid pase kout zèklè, omwen pou yon segonn mwen te aksèpte m t ap viv dènye enstan nan lavi m. E si tout bon vre jou sa a te jou m t ap lonje a, sèlman sa ki t ap travèse avèk mwen se t ap souvni moun sa yo, lanmou mwen pou yo ak pou peyi sa a kote kòd lonbrit mwen antere. E konsa, lanmò mwen te ka sèl grenn siy lanmou peyi a anvè mwen an retou. Lanmò mwen anba je tout moun, pami yo de polisye, ki t ap suiv aksyon an tankou se te kite mele yo. Lanmò mwen paske nou tout pa t chwazi souke kò nou, kouri dèyè konpòtman manfouben, sa pa gade n sa yo pou n dechouke tout fè nwè avan yo fin fè lavi vole gagè kite peyi a.

Nou twouve n nan yon moman ki difisil, kote peyi a ap navige sou yon dlo ki an boulvès, san destinasyon, men nou pa dwe rete kè pòpòz pandan lavi n ap pandje nan yon ti fil san n pa di non a tout endiferans devan respè nou dwe genyen pou lavi.

Arridson Biraphath VERNÉUS

Manfouben n ka p tiye n se yon rezilta kou echanj sosyolengistik ke UNIR (Inivèsite Itineran Rezistans) reyalize.

Leave Comments