Alina Sánchez, yon lanmou san fwontyè

CP: Virginia Benedetto
108

Partagez cet article

Nan mwa fevriye, nan anpil peyi, yo selebre Sen Valentin, mwa fèt lanmou ak zanmitay. Gen divès teyori sou orijin selebrasyon sa a, men anpil nan yo dakò li te kòmanse nan lavil Wòm nan twazyèm syèk lè yo te egzekite pè Valenten paske li te marye jèn moun, yon bagay ki te entèdi lè sa a. Pou anpil moun dat sa a se yon eskiz pou selebre, pou lòt li se yon mwa pou konsome kote konpayi yo pwofite vann pou anrichi tèt yo. Nan sans sa a, LIH Média nan kolaborasyon ak Universidad Itinerante de la Resistencia (UNIR) pwofite okazyon sa a pou pataje “istwa lanmou” avèk nou; lanmou pou lavi, lanmou pou rèv ak lespwa. Istwa lavi nou ap pataje mwa sa a se istwa reyèl, istwa Amerik Latin ki plen lanmou chak jou, lanmou sa ki pèmèt nou kontinye konstui nan nenpòt kontèks e jan yon chante di l: “Mwen vin ofri kè m bay moun ki di tout bagay pèdi”.

Istwa damou, yon ribrik LIH Média pwopoze pou reflchi sou istwa kèk moun ki te goumen pou lanmou ak lavi fleri.

Emilia Mtz y Adriana Correal

Arridson Biraphath Vernéus[1]

Istwa Alina Sánchez, ki te rele tou Lêgerîn Çiya, yon ajanten ki te chwazi adopte kid kòm lòt nasyonalite, yon medsen ki te etidye nan peyi Kiba, yon entènasyonalis epi yon militan nan Mouvman pou Liberasyon Fanm Kidistan yo.

“Anyen pa pi bon pase lanmou yon moun genyen pou peyi li, men poukisa lanmou nou konnen fwontyè? ” Se Pablo Casals, yon moun ki t ap fè mizik pou lapè nan mond lan, ki te poze kesyon sa a. Omwen otan li te ka ap chèche repons lan, li te vle soulinye tou kijan sa pa fè sans pou lanmou nou pou lòt moun parèy nou limite akòz baryè ki separe nou antanke nasyon. Yon lòt moun ki te konprann lanmou se dimansyon inivèsèl nou epi ki te bay tout nanm li ak tout kè li pou montre sa se Alina Sanchés. Nan yon mond kote menm baryè lanmou sa yo lakòz diskriminasyon, vyolans, povrete…, se avèk anpil lespwa pou yon chanjman paradig k ap chita sou lanmou tèks sa pral pale de Alina.

Nan jou ki te 17 mas 2018 la nan Rojava, konfederasyon kanton lib yo nan nò peyi Lasiri, Alina te pèdi lavi l nan yon aksidan pyès moun pa t ap tann. Li te gen 32 lane sèlman e li te fèt nan pwovens Neuquén, nan peyi Lajantin. Men, yo te tere sann li yo nan tè lib li te chwazi epi renmen ak tout kè l la.

Kidistan, yon bout tè kote plizyè kilti ak relijyon ap evolye tankou pwason kraze nan bouyon, se yon egzanp pou divèsite ak lavi. Avèk yon jewografi apa, li chita kò li nan mitan rivyè Tig ak Efrat nan Mezopotami antik. Depi byen lontan, gran wayòm yo te konn gen tanta sou zòn sa, men li te toujou sèvi baz pou larezistans.

Foto: Virginia Benedetto
Foto: Virginia Benedetto

“Lêgerîn” se te non Alina nan lang kid e li te vle di “Moun k ap chèche a”. Li te gen 24 lane sèlman lè li te debake nan mòn sa yo ki te sanble yon kote ki te lwen anpil, yon tè okenn moun pa t konnen menm jan sa te ka ye tou pou pwòp non li. Men, jan li te konn abitye di a, reyalite a chanje ansanm ak pozisyon moun k ap obsève l la, e konsa posizyon li te kanpe fèm sou yo avan yo, nan yon ti kras tan, te transfòme pou vin tounen pon solid ant tè zansèt li yo nan Abya Yala[2] ak tè Kidistan yo.

Aprè li te fin gradye kòm medsen jeneral nan peyi Kiba, Alina te ale san pèdi tan nan gran rejyon Kidistan an, nan nò peyi Lasiri, kote li te bay tout li menm pou rekonstui sistèm sante a epi pou fòme pwofesyonèl nan yon zòn ki te fin detui. Menm jan sa te ye tou pou vil Kobane, aprè atak paramilitè ISIS te mennen nan peyi Tiki. Jounen jodi a, youn nan prensipal lopital nan rejyon an pote non Lêgerîn Çiya.

Mouvman entènasyonalis la, jan Alina Sánchez te konn pratike l la, depase egzistans nasyon yo epi janbe fwontyè yo. Se solidarite ak tandrès nan mitan tout pèp yo, se listwa nou ki prale sou menm rivyè a ki p ap janm sispann koule menm si li ta ap degoute.

Alina te yon mayon ki te kontinye epi ranfòse chèn pou makònen tè Abya Yala yo (Ameriklatin ak Karayib) ansanm avèk tè Kidistan yo. Makònay ekriven epi dokimantalis Alejandro Haddad te gentan kòmanse a. Makònay “Madres de Plaza de Mayo”[3] yo te gentan bay jarèt tou a nan rankont yo te fè avèk “Madres de los Sábados”[4] yo nan Kidistan Tik la. Se menm kout kouto yo yo te konn santi ki fè doulè yo te toujou miyonnen. E jounen jodi a ankò, miyonnay sa janbe dlo epi travèse fwontyè, menm jan sa te ye nan kè Alina Sánchez, Lêgerîn Çiya.


[1] Li fè tradiksyon kreyòlla nan kad mwa tradiksyon UNIR la.   

[2] Abya Yala: Nan lane 1992, se konsa pèp endijèn Lamerik yo te deside pou yo rele tè kote yo soti yo nan plas non Amerigo Vespucci a. Ekspresyon sa a li soti nan lang kina yo ki se yon pèp endijèn ki soti nan peyi ki rele Panama jounen jodia. Se konsa yo te konn rele bout tè sa tou. Mo sa yo nou ta ka tradui tankou tè ki gen matirite yo, se Takir Mamani, yon chèf aymara ki te pwopoze pou tout pèp endijèn Lamerik yo adopte non sa.

[3] Madres de Plaza de Mayo (Manman plas Me): Se yon asosyasyon manman nan peyi Lajantin ki te gen pitit yo ki te disparèt oubyen asasinen pandan lagè sou diktati militè a soti 1976 pou rive 1983. Pou yo, se 30 000 timoun yo te pèdi. Non yo a soti nan plas Me (Plaza de Mayo), yon kote yo fè wonn li chak semèn depi 1977 pou mande kont sou zak sa yo.

     [4] Madres de los Sábados (Manman Samdi yo): Se yon gwoup ki reyini chak samdi a midi pandan inèdtan edmi nan Galatasaray, Istanboul, Tiki, pou mande kont sou disparisyon pwòch yo pandan koudeta 1980 ak pandan OHAL lane 1990 ye.

Leave Comments