Imajine pou reziste : zapatistas, djab, deyès ak lòt kreyati entègalaktik

140

Categories:

Partagez cet article

Nan dènye syèk sila, atizay pa senpman ba nou yon lòt vizyon sou mond lan men li sitou ba nou zouti refleksyon sou evènman ak temwanyaj ki pase yo. Se yon fòm reziztans ki kapab demantle lide ak lòd lakilti enpoze. Nan pawòl daki li charye, atizay se sèl fòs wondonmon ki kapab kanpe an kwa fas ak  jan mond nou kontwi a ap vanse.

Imajinasyon pa menm ak rèv, se pito premye kout kanno ki jèmen yon zèv atistik ; li pa sèlman yon mwayen pou bliye lavi di. Imajinasyon se fòs ki jenere mond nou vle a, se yon pouse ki  mennen nou je fèmen yon kote nou pako konnen. Ale nan lòt santye, kite kat la, pèdi, gade lòt lorizon, kwaze lòt je, anba ak agoch jan Zapatistas[1] di, se vwayaj sila menm atizay envite moun fè. Yon pousad ki mennen w ale, pa sèlman nan yon lòt modèl pou panse ak pou gade men tou, yon lòt modèl egzistans.

Pèsonn paka nye sa, tout konsyans genyen dwa pou imajine ; jan mond lan ye jodia ak jan mond lan ka ye demen, depann de kijan n ap defann dwa sila a. « Mwen mete kò m deyò nan mond sa  a», se sa timoun pèdi a di lè li al bite sou Piramid « Teotihuacan » nan yon kont Elena Garro[2]. « Soti nan mond sa a souple ! », se sa Garro ap di nou, « Pou nou kontre lòt piramid, byen lwen gewografi ki la deja a ».

Nan Amerik latin nan, ki posede lòt mond parapò ak dwa istorik li yo, kosmòs la ak mistè li yo, syans fiksyon genyen pouvwa ki depase sa nou ka imajine, ki bay posiblite wè lòt espas, lòt jan moun fè blag, lòt kò, lòt modèl lavi, èt, plasay ak lòd… Nan yon sans tou, ranmase lavni Gringos yo te kenbe pou yo sèlman nan lane 60 ak 70 yo lè tout te fin fou pou di se sèlman syans fiksyon ki ka mennen moun sou lalin, ak nan rankontre manda sosyokiltirèl syans fiksyon an.

Demen se pa nou tout, lapli gwo je bèkèkè k ap koule san rete pa sifi, ni listwa ki manke imajinasyon, ni lavni syans fiksyon kapitalis la ; jan Monsivaís di nan rechèch Itala Shmeltz yo. Demen se pa nou tout, epi li imajinè nou ki chaje listwa ; demen pa depann de pwojeksyon estatistik, ekonomik, politik ak sosyal.

Kòmantè sou sa :

Nan lane 1996, Lame Zapatis pou Liberasyon Nasyonal (EZLN) la fè premye rankont entègalaktik li. Nan sa li te pataje kòm mesaj ak planèt Latè (oswa sa k te rete kòm lavi sou latè), pawòl ki te plis sanble fab syans fiksyon, tout fòm lavi ki nan galaksi a te gen envitasyon reflechi ansanm sou modèl lavi. Rezistans pou kreye kontrekare ak soumisyon kiltirèl. « Panse yon mond kote tout mond gen plas yo », se modòd zapatis yo, se ak yon modòd konsa yo defann dwa pou nou imajine, pou nou espere epi sitou dwa pou nou konsevwa kijan nou dwe detwi sa ki deja konstwi.

Imajine pou reziste 

Lè panse nou sou demen ale deyò lòd politik la, nou panse ak yon demen ki ale lwen lide pwogrè ak devlopman an, yon demen ki pliye nan memwa epi ki genyen pye li plante nan listwa pase. Yon demen ki pa janm krache sou listwa, sou ayè ak sou jodi ak tout tribilasyon ak kè kontan li pote.

Toutfwa nou ta panse tout sa pa ta genyen ankenn rapò ak envansyon mond fiksyon yo, nan envitasyon pou rankont lan, dwa pou pran plezi, pou ladiferans egziste, dwa pou parès, dwa pou repwodui rekonesans ak jenewozite. […]. Yon sen espesyal pou son mizik la pote, mizik ki rele mizik, son ki mete lajwa nan kè nou. Tout eleman ki ka pote bon amoni, ki ka sonnen byen te envite nan rankont sila. Soti sou yon senp ti desen pou rive nan tout espas dijital nou ka imajine. Epitou, nou patap bliye bèl pwezi lanati ap soufle nou; san ti pwezi sila yo pa gen demen.

Daiset Sarquis

Yon moso tèks ki soti nan orijinal : estepais.com/home-slider/imaginar-para-resistir:-de-zapatistas,-monstruos,-diosas-y-otras-criaturas-intergalacticas

Tradiksyon kreyòl : Vanessa Jeudi
Travay ki fèt nan kad mwa tradiksyon UNIR la.


[1] Abajo y a la izquierda está el corazón, frase utilizada por el Movimiento Zapatista de Liberación Nacional (EZLN)

 Anba ak agoch, se la kè a ye, fraz mouvman Zapatista liberasyon nasyonal yo itilize.

[2] Elena Garro, escritora mexicana  que mejor exploró el choque entre ilusión y realidad en América Latina.

Leave Comments