Tamara Bunke: yon lanmou pou lavi !

41

Categories:

Partagez cet article

Tamara Bunke se yon fanm revolisyonè kominis ajantin orijin alman. Yo konnen l sou non Tania Geriya. Paske li se youn nan fanm ki te batay ansanm ak yon ponyen gèrye nan Lame Liberasyon Nasyonal (ELN) Che Guevara t ap dirije nan peyi Bolivi. Yo te asasinen li nan yon anbiskad lame bolivi a te tann pou li sou lòd CIA. Ekspedisyon madichon li te patisipe ansanm ak Che a te rele : « Opération Fantasma ». Fanm sa te dedye tout lavi li pou liberasyon moun, pèp ki oprime nan mond la. Se pou sa li te pran zam pou goumen pou libere pèp nan peyi Amerik Latin yo. LIH-Média ap pataje istwa lavi fanm konsekan sa nan kad ribrik UNIR pwopoze sou mwa lanmou ki raple istwa batay kèk moun ki te goumen pou yon mond kote sistèm peze souse a kaba. Li fèt sitou nan mwa tradiksyon pou elèv kou panyòl, yon pwogram li mete an Ayiti.

Tamara Bunke fèt nan peyi Ajantin nan dat 19 novanm 1937. Papa li se te alman, manman li polonèz, yo te kite peyi Almay sou rejim nazi a. Nan dat 31 dawout 1967, li adopte non Tania, epi mouri sou chan batay ansanm ak gwoup geriya twoup Che Guevara t ap koumande.

Lè yo rive nan peyi Ajantin yo te apèn kapab teke grenn mo nan lang panyòl la, yo t ap aprann depi sou bato- yo rakonte ke Nadia Bunke, manman Tamara- te gen fanmi yo nan peyi Ajantin, youn nan grann li konsa; sa se premye relasyon yo te rive tabli avan yo te kontre lòt refijye alman. Men anvan tout bagay, yo te fè tout sa ki posib pou enskri nan pati kominis ajantin nan. Yo te kontinye travay nan klandestinite an ajantin, Tamara grandi nan anbyans sa. 

Tamara ki gen ti non jwèt Ita jan fanmi li yo te rele l, te viv premye ane li yo nan katye Saavedra, aprè li te demenaje pou al rete Corrientes y Pasteur, yon katye kolektivite juif yo plis enstale yo. Ita te fè premye etid li nan lekòl Cangallo Shule, yon kolèj prive ki te gen alman kòm dezyèm lang.

Menm lè paran l yo pa te vle pataje tout kalte enfòmasyon sou aktivite politik ak timoun yo -pou rezon sekirite- nan kay la, sa pa t anpache yo t ap benyen nan anbyans panse kominis yo. Lè Tamara te ale etidye nan lekòl Nòmal li te kreye lyen ak Federasyon Jenn Kominis (FJC) la.

Jounalis Isidoro Gilbert te fè remake nan liv ki rele La Fede ke li te kolabore nan revi Jenn kominis yo ki se ògàn FJC. Nan ane 1952, Tamara te imigre ak paran li yo nan Repiblik Demokratik Almay, Pati Sosyalis Inifye a te fasilite yo antre nan peyi Almay nan ane 1955, li te gen 18 lane lè sa a. Nan Bèlen Oryantal, li te etidye nan Fakilte Lèt nan Inivèsite Humboldt kote li te vin enstriktris nan zafè aprann moun tire sou fòm jwèt ( yon disiplin nanzafè Je Olenmpik). Se la li te rankontre ak Che Guevara nan ane 1960 yo, lè revolisyonè anjanten an te dirije yon delegasyon afè komèsyal gouvènman revolisyonè kiben an. 

Listwa Tamara se yon istwa ki ranmase valè lanmou, solidarite, pataj, respè dwa ak diyite pou pwochen li. Listwa sa dwe sèvi yon modèl pou tout moun k ap goumen kont eksplwatasyon, eksklizyon ak diskriminasyon. Se yon istwa ki dwe enspire anpil moun konsekan ki kwè nan chanjman total kapital pou mond la.

Tradiksyon Kreyòl : Léo Bien-Aimé

Leave Comments