Nou drese Barikad kont tout barikad

Peyilok7jiye2018
2112

Partagez cet article

Tèks sa Nou drese Barikad kont tout barikad[1], se pou n pataje ak ou nòt nou pran nan li tèz metriz Magalie Civil ekri sou fenomèn peyilòk nan peyi Ayiti. Nan travay rechèch sa, otè a pote yon analiz sosyolojik sou fenomèn peyilòk la, kote li chache kontèks sosyal ak politik ki kale fenomèn sila, epi siyifikasyon li genyen pou moun (aktè) ki pote l yo. Mete sou sa, li pwofite bay kèk eleman pou yon teyori sou fenomèn sila a. Sosyològ la ofri nou yon travay ki orijinal; non sèlman se premye rechèch ki fèt sou peyilòk men tou gen yon rigè metodolojik ki travèse rechèch li a. M envite nou li : Magalie, Civil. 2020. Analyse sociologique du phénomène Peyilòk. Université Ottawa. Canada. 156 p. [en ligne]. https://ruor.uottawa.ca/handle/10393/41622

Peyilòk anndan yon teyorizasyon ankre

Kijan nou kapab sezi emèjans ak siyifikasyon peyilòk la nan dinamik batay kont Leta ayisyen ?  Se kesyon sa ki brase bil sosyològ Magalie Civil pou l demare rechèch li a. Li pa pote yon repons avan li ale sou tèren men li pito fikse kèk objektif tankou chache siyifikasyon fenomèn peyilòk la genyen pou moun (aktè) ki kreye l yo ; chache kontèks sosyal ak politik ki kale l la epi ofri yon kad esplikasyon pou fenomèn sila a. Pou rive nan bout objektif sa yo, otè a apiye sou de apwòch teyorik ki pa depaman: estrikti opòtinite politik ak teyori kadraj. Magalie Civil rekonèt peyilòk la se yon fenomèn konplèks; ki vle di li difisil pou yon teyori ki egziste deja esplike li kòmsadwa. Malgre sa, chèchè a twouve chwa teyorik li yo pètinan, paske yo ede l konprann estrikti ak kontèks politik ki kale peyilòk la; espontaneyite l, relasyon l ak mouvman petwokaribe a; reprezantasyon kiltirèl aksyon kolektiv yo epi sans ak siyifikasyon yo ba l. Chwa sa mennen l dirèk nan apwòch metodolojik teyorizasyon ankre.

Magalie Civil chache esplike ak konprann fenomèn peyilòk la nan pratik mas popilè yo, sa vle di nan yon apwòch anba. Nou ka wè sa kit nan chwa metodolojik li fè kit nan vizyon l sou lasyans (epistemoloji). Sosyològ Civil mennen rechèch li ak yon demach metodolojik kalitativ paske li vle evite mete pawòl pa l nan bouch moun yo. Tout enterè l se konnen kisa moun ki aktè k ap mennen peyilòk yo panse epi ki sans fenomèn sa genyen pou yo. Li itilize antretyen semi-dirije ak gwoup diskisyon pou l jwenn pawòl moun sa yo, kote pifò ladan yo se moun klas popilè epi ki rete nan katye popilè. Nan yon sans, nou kapab di travay Magalie Civil la fèt ak moun klas popilè yo epi pou moun klas popilè yo. Se rezon sa menm ki fè l pa t gen yon repons ak kesyon l te poze nan kòmansman travay li a. Sa ki fè aspè anpirik la fondalnatal nan travay Civil la. Anplis, sa enplike apwòch teyorik kadraj ak estrikti opòtinite politik bwè nan sous metodolojik teyorizasyon ankre, epi kite yon plas enpòtan pou done otè a konstwi ak patisipan l yo. Se la tou chèchè a jwenn posibilite pou l pwopoze yon teyori sou fenomèn peyilòk la.

6, 7 ak 8 jivè se evènman politik ki deklanche fenomèn peyilòk

6, 7 ak 8 jiyè se evènman ki pwal deklanche fenomèn peyilòk la daprè Magalie Civil. Dat sa make gwo mobilizasyon popilè ki te gen nan zòn Metwopolitèn Pòtoprens lan. Kontrèman ak sa anpil moun panse, evènman politik sila a pa yon zak grennsenk, sa vle di yon aksyon poukont kò l; men pito, li gen relasyon ak makonn pwoblèm ki travèse sosyete ayisyen an. Evènman sa parèt, pou reponn desizyon anti popilè gouvènman Moise-Lafontant an te pran pou l monte pri gaz la disèt wotè, aprè yo te fin resevwa lòd nan men FMI. Piske tout klas popilè yo konnen depi pri gaz la monte li ap fè pri lòt pwodui yo monte tou tankou pri manje yo. Se sa k fè yo di gaz la se yon pwodui ki transvèsal. Konsa, desizyon mare senti sa pral debouche sou evènman 6, 7 ak 8 jiyè 2018 yo. Kidonk pou nou konprann fenomèn peyilòk la, se yon nesesite pou n demare ak evènman sila yo; paske yo se imaj kriz k ap brase lòlòy sosyete a depi dis dènye lane yo ak monte rejim PHTK a nan tèt Leta a. Se pou rezon sa, chèchè a fè referans ak istoryen Michel Hector pou l klase peyilòk nan kategori gwo kriz yo paske li gen karakteristik mobilizasyon popilè, li se rezilta kondisyon lavi moun k ap degrade epi li febli rejim politik anplas la tou.

Chèchè a pran swen pou l montre fenomèn peyilòk la enskri l nan batay kont dispozisyon neyoliberal yo nan peyi Ayiti. Paske depi nan ane 1980 ak 1990 yo, Leta, sou lòd Bank Mondyal ak FMI, bay tèt li yon oryantasyon ekonomik neyoliberal ki chita sou pwogram ajisteman estriktirèl (PAS) yo. Daprè pwogram sa, Leta gen egzijans pou l privatize antrepriz piblik yo, pou l pa envesti nan pwogram sosyal yo ankò, epi pou l louvri vant peyi a pou lòt pwodui kapab vin layite kò yo. Sa ki fè Leta vin sètoblije aplike politik sere boulon (osterite) pou l redui defisi bidjè li epi pou l pa sibvansyone pwodui petwolye yo tou. Selon sosyològ la, desizyon sa yo pral genyen gwo konsekans sou kondisyon lavi moun nan peyi a, paske yo fè malere ak malerèz vin pi pòv chak jou pi plis. Se nan menm lojik sa, pou gouvènman Moïse-Lafontant an reponn ak egzijans akò « Staff Monitored Program (SMP) », yo pran desizyon monte pri gaz ak transpò piblik jounen ki te 6 jiyè 2018 la. Se nan sans sa menm, chèchè Magalie Civil konsidere mobilizasyon popilè 6, 7 ak 8 jiyè yo tankou yon rezistans ak politik neyoliberal yo k ap penpennen nan peyi a depi pase trant (30) lane.

Evènman politik 6, 7 ak 8 jiyè 2018 yo se yon seri leve kanpe britsoukou men ki te gen tout kondisyon yo reyini pou yo te fèt. Menm lè konn gen mobilizsyon chak fwa gouvènman yo monte pri gaz la men pa gen moun ki te panse 6, 7 ak 8 jiyè t ap genyen dimansyon sila a. Menm moun k ap milite anndan òganizasyon pwogresis yo pa t atann ak reyaksyon sa yo. Yon bò evènman sa yo fèt britsoukou, yon lòt bò fòm aksyon moun yo poze yo radikal tankou vyolans politik, piyaj ak bloke tout lari. Lè otè a di tout kondisyon yo te reyini pou evènman sa yo te fèt, se paske li konprann yo se rezilta makonn pwoblèm k ap layite nan sosyete a depi dis (10) lane ki pase yo ak travay konsyantizasyon kèk òganizsyon toujou ap fè. Daprè Civil, gen estrikti òganizasyonèl, avan evènman sila yo te pase, ki te toujou ap reflechi ki aksyon ki dwe poze sizoka gouvènman an ta monte pri gaz la. Sitou si n ap sonje tout batay kont bidjè kriminèl gouvènman an te sòti a. Kidonk, pou chèchè a, evènman politik 6, 7 ak 8 jiyè 2018 yo enpòtan anpil nan konprann ak esplike fenomèn peyilòk la, paske li penmèt nou mete fenomèn sila a nan kontèks politik li. Ann pwofite gade kounya kontèks ki ede peyilòk la devlope.

Petwokaribe yon mouvman ki bay fenomèn peyilòk la jarèt

Daprè sosyològ Civil, fenomèn peyilòk la ak mouvman petwokaribe a devlope yon relasyon alevini (relasyon dyalektik). Peyilòk ede petwokaribe vin yon mouvman sosyal epi petwokaribe bay peyilòk posibilite pou vin yon fenomèn sosyal. Otè a sipoze mouvman sa demare sou rezo sosyal yo ak yon tchalenj ki gen achtag « kot kòb petro caribe a ? » jou ki te 14 dawout 2018 la. Achtag sa gen pou wè ak yon akò Venezyela siyen ak Ayiti nan dat 15 mai 2006. Akò sa ta yon sous finansman pou devlòpman sosyal ak ekonomik nan peyi a. Nan founi je gade pa gen anyen reyèlman ki fèt nan peyi a, kesyònman sou kijan lajan an depanse kòmanse pran espas piblik yo. Se vre anpil moun ak medya panse kesyònman sa se sou rezo sosyal yo li kòmanse, men Civil presize depi nan kèk manifestasyon popilè kote espresyon “tòl-wouj” la parèt, kesyon sou jesyon lajan petwo karibe a kòmanse poze. Malgre tout enpòtans sa kapab genyen ann pa rete sou kesyon orijin nan.

Ann mete n dakò mouvman petwokaribe a demare epi pran chè sou rezo sosyal yo, sitou sou fesbouk. Mande kote lajan petwo karibe a pase, se reyalize lajan sa te kapab patisipe nan amelyore kondisyon lavi moun nan sosyete nou an. Se la tchalenj lan pral pran sans yon angajman sitwayen, sa vle di patisipasyon moun yo nan sa ki konsène òganizasyon lavi anndan sosyete a. Rezo sosyal yo reprezante espas pou esprime angajman sa paske petwotchalenj ankouraje plis moun esprime pozisyon yo sou kesyon an. Ann presize koze “tòl-wouj” la sanble pouse kèk senatè al ankete sou jesyon lajan an. Se konsa 17 dawout 2016 ak 26 oktòb 2017, de (2) rapò ankèt senatè yo sòti kote ladan l yo konfime gen yon pakèt ka koripsyon ak lajan petwokaribe a. Nan menm kontèks sa, gen anviwon swasannde (62) sitwayen ki pral pote plent kont kont koripsyon nan Leta a devan kabinè enstriksyon. Alòs, pou latriye petwotchalendjè yo, mouvman petwokaribe a se yon batay sitwayen. Men, mouvman sa pa t rete sou rezo sosyal yo senpman, li te mande yon mobilizasyon nan lari a tou. Sa ki tou wete nan dimansyon fè wè mouvman sila a. Premye sitin devan lakou dèkont jou kite 24 dawout 2018 materyalize mobilizasyon nan lari a.

Daprè sa sosyològ Magalie Civil fè konnen, mouvman petwokaribe a suiv yon deplòtonnay pou l finalman vin yon mouvman sosyal. Nan deplòtonnay sa, nou jwenn yon faz dyagnostik, yon faz kominikasyonèl ak yon faz motivasyon. Sosyològ la presize ta pral gen yon fo diskisyon sou siyati mouvman sila a paske gen moun ki te bezwen konnen si se yon batay politik oswa yon batay sitwayen. Diskisyon sa vini pa rapò ak divès aktè mouvman sa te charye dèyè li. Aktè sa yo, se te sitou yon gwoup pwofesyonèl nan domèn lakilti, pratik politik tradisyonèl yo poko detenn sou yo. Kidonk, pou otè a mouvman petwokaribe se yon kad ki ede fenomèn peyilòk la devlope epi byen kore. Ebyen kisa fenomèn peyilòk la ye ?

Peyilòk charye yon ideyal transfòmasyon sosyal

Daprè sa otè a ekri, peyilòk se yon fòm pwotestasyon tounèf ki parèt nan mwa jiyè 2018, kote yo itilize barikad pou bloke tout zòn metwopòlitèn Pòtoprens lan ak kèk vil pwovens, jiskaske tout peyi a bloke. Pou pi senp, peyilòk se bloke tout peyi a nèt. Fenomèn sa soti nan yon senp manifestasyon popilè anndan espas mouvman petwo Karibe pou l vin yon fenomèn ki granmoun tèt li. Pou fenomèn sa rive materialize, sipò popilasyon an te nesesè. Se pou rezon sa nou kapab di peyilòk la gen yon pouvwa senbolik epi li lejitim tou. San di petèt, san patisipasyon sitwayen yo, popilasyon an alawonnbadè peyilòk la pa t ap posib paske se yo menm ki jere blòk yo epi se yo tou ki kanpe dèyè barikad yo. Yon dizon ki depaman ak sa gouvènman an konn di epi medya boujwa yo reprann.

Nou kapab konsidere peyilòk la poze kesyon sou modèl Leta ki gen Ayiti a, daprè demonstrasyon Magalie Civil. Fenomèn sila vize Leta dirèk, pa rapò ak ajisman l kòm tchoul kominote entènasyonal la, ak pakèt desizyon l ap pran pou kenbe chapant sosyete miwo miba a. Yon chapant ki ale nan enterè ti ponyen boujwa isit yo. Nan sans sa, li vin yon nesesite pou sitwayen yo angaje yo nan batay kont modèl Leta sa. Se kontèks politik sa menm, ki pral akouche sitwayènte popilè ki jwenn plas li nan fenomèn peyilòk la. Se yon modèl sitwayen tounèf. Kidonk, fenomèn sila se ekspresyon batay kont dominasyon boujwa ak enperyalis nan peyi a. Peyilòk se yon batay pou libète byennèt. Epitou, fòm batay sa pwoteje aktè yo anba represyon Leta abitye fè sou tout gwoup moun ki leve vwa yo kont li.  Paske jan nou tout konnen an, Leta Ayisyen gen yon sèl langaj ki se represyon ak vyolans.

Mete sou sa, Peyilòk poze kesyon ak vyolans k ap dodo meya nan chapant sosyete ayisyen an. San di petèt, gen yon gwoup moun (mas popilè, malere, malerèz) ki bloke paske yo pa gen aksè ak resous peyi a pandan Leta pa bay yo pote senk kòb sèl pou li. Gwoup moun sa yo viktim yon enjistis ki nan chapant sosyete a. Se rezon ki fè yo drese barikad yo kont divès lòt barikad ki nan lavi yo. Barikad ki anpeche yo demare may yo.

Anplis, sosyològ Magalie Civil montre fenomèn sa charye divès lide ki travèse Revolisyon Ayisyen yo nan fason li tabli relasyon nan mitan memwa kolektiv la ak listwa nan diskou aktè yo. Konsa peyilòk souvan enpoze l aprè manifestasyon nan dat 18 novanm ki senbolize dènye batay pou bout nan lendepandans peyi Ayiti ak 7 fevriye ki se dat pèp Ayisyen te dechouke diktatè sanginè Jean Claude Duvalier sou pouvwa a. Dat sa yo vle di anpil pou pèp ayisyen. Nan sans sa fenomèn peyilòk la revandike yon lòt modèl sosyete kote pèp Ayisyen kapab jwi lendepandans yo, rive granmou tèt yo sou plan ekonomik, kiltirèl ak politik. Kidonk peyilòk se pwotestasyon kont inegalite sosyal ak esklizyon majorite Ayisyen yo.

CP: SEJ

Pou nou fini, sosyològ-militan Magalie Civil montre fenomèn peyilòk se entèlijans politik klas popilè a ki akouche l. Li gen avni boujonnen yon lòt sosyete ki pou akouche pwojè libète oubyen lanmò an. Sa montre n kapab kenbe zouti sa oswa kreye nouvo zouti pou n batay kont rejim kriminèl PHTK ki gen diktatè Jovenèl Moise nan tèt li a, yon branch nan boujwa-koutye isit yo ak entènasyonal kominotè a. Gwoup moun sa yo se lanmò. Batay n ap mennen jounen jodi a se yon batay pou n granmoun tèt nou, se yon batay pou lavi. M ap kite n ak ti kesyon sa yo, « Ki avni peyilòk nan kontèks kote yon pati nan tèritwa peyi a anba grif G9 ak ajan Meri PHTK ? Epitou kijan n kapab batay ak yon pouvwa diktati sanginè avèk zouti demokratik tradisyonèl yo ? »


[1] Pawòl sa sòti nan trak «Goumen Pou Sa w Kwè» gwoup Rap Ayisyen Barikad Crew fè.

Leave Comments