Goudoudou nan Gransid Ayiti : Onz (11) lane apre, nou toujou pa pare !

Antre 4 Chemen
568

Partagez cet article

Nan dat 12 janvye 2010, yon tranblemanntè (Goudou-goudou) ak yon magyitid 7,3 nan mezirèt Richter a frape peyi Ayiti, patikilyèman rejyon metwopolitèn Pòtoprens la, Leyogàn ak lòt vil ki nan depatman Lwès la. Bilan ofisyèl goudou-goudou sila a se ant 200 000 pou rive 300 000 moun ki pèdi lavi yo, plis pase 300 000 blese, 1,5 milyon moun ki pa t gen kay pou rete epi plizyè milya dola vèt ki vole gagè lè n konsidere dega materyèl yo (JABOUIN, 2010).

Tranblemanntè sa a ta pral mobilize tout entènasyonal kominotè ki rapid vit te mete kanpe yon komisyon (CIRH) ki te gen nan tèt li ansyen premye minis ayisyen nan epòk la Jean Max Bellerive ak ansyen prezidan meriken William (Bill) Jefferson Clinton ak yon kès pou mete lajan y ap kolekte a ki te pote non Fon pou rekonstriksyon Ayiti (FRH an franse). Se nan sans sa a, peyi yo pral pwomèt Ayiti 9.9 milya dola vèt kòm èd pou ride rekonstwi peyi a sou 3 lane ladan l yo t ap bay 5,3 milya sou 2 premye lane yo (Le Figaro, 2010). Deja nan lane 2011, CIRH la te gentan bay lesepase ak 87 pwojè ki t ap koute 3, 26 milya dola. E nan peryòd sa a, te gen anviwon 37,2% nan lajan ki te pwomèt yo ki te disponib (Ocha services, 2011). Li enpòtan pou nou raple tou peyi Venezyela te pral pase kreyon sou 395 milyon dola Ayiti te dwe nan kad akò PetroCaribe. E Ayiti ta pral kontinye benefisye lamàn sa a ki nan lane 2014 te reprezante anviwon 3.17 milya dola vèt –ladan l 1.7 milya peye kache pi gen 1.37 milya dèt (BMPAD).

Yon lane apre tranblemanntè a, nan dat 14 me 2011, gras ak piston entènasyonal kominotè a, mouche Michel Martelly rive sou pouvwa antanke prezidan Repiblik la. Malgre mouche a te eli anba chapèl platfòm « Repons Peyizan », nan lane 2015 li te pral fòme pwòp pati politik li ki se PHTK. Kidonk nou ka fè yon ti ralonj pou di rejim PHTK pase pratikman 10 lane sou pouvwa a soti 2011 (lè mouche Martelly rive sou pouvwa a) pou jouk jounen jodi a. Ekip ki rive nan tèt Leta a apre 12 janvye 2010 la, te gen pou obligasyon rekonstwi peyi a epi asire peyi a pare pou sizoka…

Dirijan, patizan, fanmi, zanmi ak alye rejim kale tèt tèt kale a pa janm rate okazyon pou moutre jan rejim sa a ap travay nan peyi Ayiti. Se nan sans sa a, mouche Gamal Augustin, ki te direktè Radyo ak Televizyon Nasyonal, prensipal ògan pwopagann ak youn medya ki pote pawòl ofisyèl pouvwa Kale tèt/Tèt Kale 2 a, te deklare nan emisyon « Guyanne soir » sou chenn televizyon « Guyanne Première » nan dat 19 janvye 2019 « Ayiti pare pou fè fas ak yon lòt goudou-goudou tankou 12/01/10, gras ak « OPC» ki la pou pwoteje sitwayen yo nan sitiyasyon kote ta gen dezas ». Se vre  mouche Gamal sanble te konfonn « OPC (Office de la Protection du Citoyen) » ak « DPC (Direction de la Protection Civile », men Gamal te vle fè kwè si gen yon tranblemanntè e nenpòt lòt « katastwòf » natirèl ki ta pase, Ayiti pare pou pote repons rapid vit. Deklarasyon Gamal la pa depaman ak sa prezidan epòk la Jovenel Moise te di nan yon aktivite li te patisipe nan Nouyòk (sommet Concordia) « popilasyon an vin pi prepare, pi veyatif depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la (Le Nouvelliste, 25/09/2018) ».

Senpman 3 lane apre deklarasyon ansyen prezidan an, reyalite a ratrape ekip pwopagann kale tèt la. Nan jounen 14 dawout 2021 an, yon tranblemanntè ak magyitid 7.2 frape gran sid peyi a. Depatman Nip, Sid ak Grandans se 3 ki pi touche. Goudougoudou sila a ki fè plis pase 724 mò ak plis pase 2800 blese (dapre dènye bilan sous ofisyèl yo/ 15-08-21), mete twa depatman sila yo ajenou. Li jwenn depatman sila yo toutouni, san kanson, san pantalèt. Li jwenn depatman sila yo san okenn  « Plan de contingence », san estrikti pwoteksyon sivil ak premye sekou solid. Li jwenn yon seri komin ki pa menm gen yon bon anbilans, yon bon kamyon ponpye. Goudougoudou ak magyitid 7.2 sila a jwenn yon popilasyon 2 bra pandye k ap rele Bondye epi ak bout zong ap mete men jan yo kapab pou ede e pote sekou ak moun ki nan bezwen yo. Li jwenn yon seri lopital leta dan griyen san materyèl, san pèsonèl sante konpetan kote menm twal gaz se pasyan yo ki souvan blije achte yo. Li jwenn yon seri komin san wout ki separe youn ak lòt (depatman Grandans) sa ki fè posibilite pou pote sekou nan komin sa yo difisil anpil.  11 lane apre, goudougoudou 14 dawout la jwenn yon peyi ki koupe an de kote moun nan sid peyi a paka rantre Pòtoprens e moun paka ale nan sid peyi a nan machin, yon sitiyasyon ki mete apse sou klou viktim yo ki gen difikilte pou jwenn èd paske anpil moun ki pou ta ede pè riske lavi yo  lè n konsidere se moun yo rele sitiyasyon malouk Matisan nan depi kèk mwa.

Lekòl Lapwovidans, nan Okay apre Tranblemanntè 14 Dawout la

Onz (11) lane apre, se toujou nan tanpri souple, kole pyese, papa ak manman bon kè ekip kale tèt la lage peyi a. Se malsite, ensekirite, lavi di, lamizè ak grangou pèp ayisyen rekòlte pandan 4 lane anvan yo te fòse yo plante bannann. Youn nan premye bagay pouvwa Tèt kale/kale tèt la te gen pou fè se te remete peyi a kanpe apre 12 janvye epi travay pou peyi a kapab reponn ak katastwòf natirèl yo. Malerezman, malgre anpil lajan ki te disponib soti nan CIRH pase nan Petro-Caribe san bliye FNE, Ayiti toujou vilnerab. 11 lane apre nou toujou poko pare…

Kredi Foto: Donald Laurore (Antre 4 Chemen, Okay – 16 Dawout 2021)

Leave Comments