Diskou popilè sou disparisyon mazonbèl nan sid

839

Partagez cet article

Se nan koumansman ane 2000 yo anpil moun te kòmanse pa wè mazonbèl nan mache ki nan sant vil yo. Anpil kesyon t ap poze ! Men lè nou koute kèk plantè, nou rive konprann, nan kominote peyizan yo, kesyon te koumanse poze sou pwoblèm mazonbèl depi nan mitan ane 1990 (95-96) yo. Sa vle di peyizan ak plantè mazonbèl yo te koumanse poze kesyon avan moun lavil yo, konsomatè yo. Dayè, koze sa senp tankou bonjou! Paske se jan peyizan an òganize lavi l, ki kole sere ak latè ki fè se pa nan mache l ap konstate l pa wè mazonbèl. Menm jan ak lòt viv yo, mazonbèl se youn nan bwa dèyè bannann konsomasyon anpil peyizan. Kidonk, depi gen pwoblèm nan pwodiksyon an, peyizan fanm kou gason, timoun kou granmoun viv li nan kò yo. Kòm egzistans moun sa yo chita sou sa latè bay, nou konprann se pa konsa konsa yo t ap poze kesyon.

Alepòk (toujou nan mitan ane 90 yo), anpil peyizan ki t ap pwodwi mazonbèl nan Sid peyi a, (nan lakokalite Kafizèt, premye seksyon kominal Pariko, komin Pòtapiman ; nan premye seksyon kominal Labeyi, komin Chadonyè ; ak peyizan nan plenn Tobèk, Baradè, Okay, Manich, Lèziwa, elatriye…) t ap konstate pwodiksyon mazonbèl la t ap bese piti piti. M sonje, nan lokalite kote m gen rasin mwen, peyizan yo t ap eksplike gen yon move plan mazonbèl deyò a. Yo t ap pale sou sa yo wè yo apre yo fin plante. Pale sou eksperyans y ap fè ak move plan mazonbèl sa, se yon fason pou lòt plantè yo kale je yo plis lè y ap achete. Se yon vijilans ki deklannche pou bare wout ak move plan mazonbèl sa. Men ta sanble baryè te fèmen apre kabrit fin pase.

Alèkile, lè nouvèl la koumanse gaye, se atò y ap konprann se pa yon move plan, men pito yon maladi. Yo konstate, depi mazonbèl koumanse taye banda, gen yon tach nwa ki parèt sou fèy la, li mache rive jouk anba epi yo mouri. Sa k rive kanpe yo, rachitik sou konn tikabrit ki tete chen. Kòm gwo zotobre nan leta ki nan peyi a pa t janm fè okenn entèvansyon pou jere pwoblèm sa, mazonbèl rive disparèt nèt nan anpil lokalite mwen site la yo.

Pou anpil peyizan, mazonbèl te tounen premye ti kazak apre fanm chay yo te ba yo twa tap bòdèyè. Kèk ti manje tankou Tonmtonm ki fèt ak viv te gen difikilte pou rive fèt lè pa gen farin manyòk ; ti lakòl ki gen nan mazonbèl la se li menm ki trèdinyon nan mitan yanm yo rele kalite yo ak bannann fran an. Lè vin koumanse gen ratman mazonbèl, se kafondi manyòk blan san sèl ki vin jwe wòl sa, paske li gen menm ti lakòl sa tou. Pou n al pi lwen, anpil ti grenn bannann manje sèch, anpil bouyon grenn pwa pèdi fòs paske pa gen legim fèy mazonbèl ankò. Peyizan yo kontinye pran kou ! Avwa anpil nan yo pèdi nan plante mazonbèl.

Jiskounye a, pou anpil moun, mazonbèl rete yon souvni, yon bagay yo te konn manje lè yo te piti. Anpil timoun ki fèt nan ane 2000 pa janm wè bagay konsa. Moun nan plenn Baradè ka di w sa ben! Epitou, moun nan plenn Tòbèk ka di w gwo Zotobre nan leta ki nan peyi a bèbè sou kesyon an. Dayè Leta ki nan peyi isit pa konn koute pwoblèm malere alewè pou l ta pale ladan. Se yon bagay ki rasi, ki la depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Men peyizan p ap rete tann leta pale tou ! M dou w sa paske m konnen règleman pa gate zanmi.

Lè tach nwa tonbe nan fèy mazonbèl nan plenn Okay ak Manich, nan lane 2008, Direksyon depatmantal Agrikilti nan Sid parèt pwent tèt yo, y al fè fòmasyon pou montre peyizan kouman pou yo konbat maladi ki rele, nan lang nègès ak nèg save, « phytophthora colocasia » osnon « mildiou ». Dapre sa jounal Le Nouvelliste rapòte nan dat 15 jen 2008, agwonòm Jean Fritzner Cléveus di se pou plantè yo tranpe plan mazonbèl yo nan yon dlo kloròks. Pou chak galon kloròks se 9 galon dlo pou mete. Plan mazonbèl la dwe fè 2 oubyen 3 minit ap tranpe nan dlo kloròks la; apre se nan lè pou yo seche avan yo plante yo. Sanble tretman sa pa t pip tabak paske peyizan nan plenn Okay ak Manich te nan dènyè priyè mazonbèl. Eksperyans montre se pa premye fwa gode emaye degrade nan men timoun. Raple nou istwa ti jenn agwonòm ki te sot etidye nan youn nan peyi lewòp, Maurice Sixto rakonte nou an ! Antouka, granmoun ki granmoun vre, pa voye timoun al pran gode emaye sou tab chanm… Men kisa ki rive pwodiksyon mazonbèl menm? M pa fouti reponn, men gen moun lè w poze kesyon an ki reponn nan je klè. Gen yon pawòl ki monte tonèl nan mitan popilasyon sid la sou istwa disparisyon mazonbèl nan kèk lokalite.

Soti 19 pou rive 23 septanm 2021 an, plis pase yon mwa apre goudougoudou ki te frape gransid peyi a, yon ekip Les Infos Haïti Média (LIH Média) t al gade kouman fenomèn natirèl sa frape moun yo ; gade jesyon ijans lan epi poze kesyon sou manivwèl k ap ponn « moun vilnerab » anndan peyi a. M se youn nan moun ki te nan ekip la. Jou madi ki te 21 septanm 2021 an, nou rive nan mache Disis la byen bonè nan maten. Pandan n ap pwomennen nan mache a, se konsa nou tonbe sou yon lo mazonbèl. Sa ki te atire atansyon n paske n konnen mazonbèl pratikman disparèt anndan peyi a. Nan kontinye mache, nou tonbe sou yon lòt peyizan k ap vann mazonbèl toujou. Se la nou te deside poze kesyon pou n rive konprann kisa ki eksplike pwodiksyon an egziste toujou. Se konsa, yon peyizan ki soti nan lokalite Dibray (komin Disis) eksplike nou sa k pase pwodiksyon mazonbèl anndan peyi a. Li di, listwa fè konnen se nan lane 1994 yo, lè blan meriken te debake isit, yo te bay youn yon karayib grate pou mazonbèl. Li di se yon fo mazonbèl. Blan sa ta pral mouri epi yanki yo ta pral lage yon pwodui sou mazonbèl yo pou detwi yo.

Pou mwen, se pa t premye fwa m te tande koze sa a. Yon lè, m t ap pale ak yon kòlèg mwen, pitit tè Baradè, sou jan n te pran plezi nan manje mazonbèl. Nan pale konsa, m vin ap mande sa k rive menm ki lakòz nou pèdi yon manje serye konsa. Se lè sa, li di m li tande yon istwa ki di se yon pwodui yo lage sou mazonbèl yo apre yon blan meriken te fin mouri ladan. Sanble se Baradè menm sa pase. Dapre sa zanmi an di m, se rete plantè nan Baradè rete ap gade mazonbèl k ap ale ti pye pa ti pye. Moun men nan machwè ! Si n gade byen, n ap wè sa kòlèg la te rakonte m nan ak sa peyizan sa ki soti nan lokalite Dibray rakonte a pa depaman. Diferans lan se dat 1994 la ak karayib grate a ki pa site nan sa kòlèg la di a, alòske nou jwenn li kay peyizan an. Men kisa ki karayib grate a menm? Èske l ka touye vre?

Domèn sa pa domèn mwen, kidonk m paka reponn nan jan yon save ta fè l. Men m ka di w sou eksperyans mwen nan Kafizèt, gen plizyè karayib. Gen karayib jòn nan, ti vyòlèt la, blan an epi blan ki grate a. Se dènye sa a yo rele karayib grate a. Se pa yon bagay yo manje vre, paske depi w mete l nan bouch ou li koumanse grate w. Yon gwo grate. Moman w jwenn moun ap manje karayib grate, se moman kote grangou fè chyen monte bwa. Grangou sa yo vini nan sezon lapli pa tonbe oubyen apre yon gwo tanpèt ki ratibwaze pwodiksyon peyizan an… Anplis, manje karayib grate pa yon rans. M raple m nou te konn fè yon bann bagay lè pou n te manje l. Tankou chita nan solèy ; mete yon wòch sou tèt nou ; nou pa kole l nan dan n, nou pito grate l ak kiyè epi n vale l ; nou bwè anpil anpil dlo. Nou menm te konn chante « Karayib pa grate mwen, grat grat gate wòch ». Se granmoun yo ki te montre n sa. Tout sa pou di, m pa konn si karayib grate ka touye paske n te konn manje l e nou toujou la ap feraye ak lavi a.

Anpil kesyon ka poze sou sa ki verite nan istwa sa. Men nou dwe konsidere yon bann eleman si n deside poze kesyon tout bon vre. Premye bagay nou dwe konsidere, avan 1995 -1996, mawoka se pwoblèm plantè yo te pi souvan rankontre nan pwodiksyon mazonbèl. Maladi tach nwa sou fèy la, peyizan fanm kou gason dekouvri l nan menm moman blan meriken debake nan peyi a. Yon moun ka toujou di se koyensidans, men l pa dwe bliye se nan yon ti kras tan tou kout, pwodiksyon an disparèt nèt nan kèk lokalite nan gransid peyi a. Sa ki bay sans ak istwa sa ki monte tonèl nan mitan popilasyon an. Jounen jodi a, gen kèk travay moun ki maton nan poze kesyon epi jwenn repons ak pwoblèm ki gen pou wè ak Agrikilti ta ka fè. Yo te ka chache konnen avan 1994, èske maladi sa te gentan nan peyi a epi nan ki zòn li te ye ; sou ki plant li te konn tonbe epi kisa ki eksplike se nan moman sa li atake mazonbèl jis li rive fini ak li nan kèk lokalite. Anpli lòt kesyon ka poze toujou. Repons yo ap pèmèt nou jwenn eklèsi sou istwa sa. Men sousi sa se pwoblèm pa m oubyen pa kèk lòt moun, paske peyizan Dibray la pa gen sousi sa. Paske pou li, pa gen 2 fòm pwosè, se blan meriken ki lage yon pwodui ki touye mazonbèl. Koze a gentan simaye !

Jou madi 21 septanm 2021 sa nou wè mazonbèl nan mache Disis la, ta sanble se pa yon bagay konsa konsa. Se pa branch bwa larivyè pote k al chwe bòdmè ! Mazonbèl nou te wè y ap vann nan se rezilta jefò ki fèt pou tounen ak kilti a. Peyizan an sètifye y ap tounen ak li. Lè l ap di sa, li peze fò sou mo sètifye a. Jès li fè ak kò l montre se pa yon koze anlè anlè, men gen yon dinamik ki deklannche vre pou tounen ak kilti mazonbèl. Kijan y ap fè sa ? Yo idantifye kote ki gen plan an toujou. Ta sanble, dapre sa li di, gen kèk lokalite ki pa t twò viktim. Y  al nan lokalite a, yo achte plan an pou vin plante l nan lokalite kote l te derasinen yo. Li di li vann chè anpil paske pa genyen l. Youn pale ak lòt sou eksperyans yo. Li di sa koumanse mache, paske gen ti rekòt.

Avan jou madi sa, m te gen pou pi piti 20 lane depi m pa t di mazonbèl bonjou. Mwen ak lòt kòlèg la te kontan wè souf mazonbèl k ap bat. Nou te kontan konnen eksperyans plantè mazonbèl ap fè pou tounen ak kilti a. Jefò sa yo ap fèt nan yon kontèks kriz politk ak sosyal, kote chak aktè oubyen gwoup aktè ki nan vil yo ap rale ti pwent dra leta sou pye yo. Aktè fanm kou gason sa yo ap goumen pou pran kontwòl leta a, sa k ap ouvri pòt pou yo sou richès peyi a. Jefò pou tounen ak kilti mazonbèl ap fèt tou nan yon kontèks kote estatistik di gen plis pase 4 milyon moun nan peyi a ki nan lafen, alòske politik piblik ki gen pou wè ak agrikilti chita sou pran tè nan peyizan pou bay gwo palto. Nou founi je gade leta k pran tè k ap fè manje pou ayisyen manje pou bay plante bagay nou pa manje isit. Koze sa se pa yon bagay ki parèt kounya. Si m manti, al mande mande Michel R. Trouillot nan Ti dife boule sou istwa Ayiti. Misye eksplike klè kou dlo kòk gen yon bann kontradiksyon ki t ap taye banda nan lakoloni Sendomeng. Li di faskare fèt ant pwodiksyon danre pou al Lafrans ak pwodiksyon viv pou travayè yo manje. Lò n ap gade byen, nou wè Administrasyon ki t ap jere koloni an di se konsa pou sa pase. Apre kolonizasyon an, aksyon leta ki nan peyi a poze yo se aksyon ki jarete lojik pwodiksyon sa. Alèkile, okenn moun pa bezwen ap tann leta pral kanpe bò kote plantè nan sa y ap fè pou tounen ak kilti mazonbèl. Li pa t janm konn sèvi malere, se tchwe l tchwe malere ak tout sa yo posede. Plantè mazonbèl nan Sid peyi a konprann sa byen paske yo p ap rete tann leta. Sètfwasi, yo deside sangle bourik la byen sangle paske sele bourik gran chimen pa bagay fasil.

Leave Comments