“Cookie” osnon plas Etik nan jan n ap abòde kesyon lanmou

707

Partagez cet article

Still News! Se yon albòm mizik, Nu-Look, youn nan gwoup konpa dirèk ki pi popilè nan peyi a te sòti nan koumansman lane 2004. Pwojè mizik sila gen 11 mizik sou li. Albòm Still News ta pral konnen siksè li nan jan piblik la te resevwa epi apresye chak tit yo. Men tout mizik yo pa t jwenn menm resepsyon sou albòm la. Gen sis (6) moso ladan yo ki te pran devan. Bon, se petèt sa k fè se yo ki pi popilè. Sis (6) moso sa yo se: Pèdi chelbè w, Why do you say you love me, Sainte cecile, Gran depansè, Souvenir, Cookie. Men dènye grenn sa m site a pa t « hit » nan epòk la, se tanzantan li jwenn yon apresyasyon nan men piblik la; ki fè alèkile, li se youn nan mizik ki chita kò l nan pi bèl konpozisyon mizikal konpa nan dènye ane yo. Yon konsiderasyon ki ka vle di Cookie ta volè kè ni konesè, ni moun k ap fè mizik konpa, ni moun k ap tande. San di petèt, se kalte pwezi, aranjman ak modèl akò nan mizik la nou panse ki rive ba li notoryete sa a.

Tout pandan mizik sa kontinye ap volè kè, sa pa t janm anpeche moun poze kesyon, pran rekil pa rapò ak sijè ki trete nan mizik la. Se konsa nan semèn ki sot pase yo, yon atik sòti sou mizik sa pou l di Cookie se elòj, boustè lanmou deprave granmoun pou tilèzany Arly Larrivière ap bay ladan[1]. Lotè a rapousib pou di atis la konnen tankou 2 pòch kanson l modèl depravasyon sila a. La pou la, lapawoli grennen sou rezo sosyal yo, tankou mango mi aprè gwo van fin pase. Pozisyon yo te fann an de. Sa ki di se, sa ki di se pa. Sa ki dakò, sa ki pa dakò. Nan yon demach pi fomèl, yon lòt otè ekri[2] pou voye jete byen lwen koze ki di Cookie se ta louwanj yon pèvèsite konsa.

Pou mwen, menmsi sa de otè yo ap di yo pa danse kole youn ak lòt, tou lè de pran nan yon menm pyèj. Yo trete Cookie tankou se te deklarasyon sou yon istwa ki te rive tout bon vre. Yo bliye se yon zèv mizikal/atistik. Yon kreyasyon. Sa ki vle di se yon pwosesis kote kreyatè ap bay fòm, sans, reprezantasyon, senbolizasyon ak yon lide. Lide sa oubyen fason l manyen lide a pa nesesèman gen pou wè ak eksperyans pesonèl kreyatè a. Sousi an se atire atansyon, pouse moun poze kesyon epi reflechi, pote repons oubyen defini pèspektiv. Nan yon demach parèy, kreyasyon atistik yo se toujou yon envitasyon pou rankontre lòt la. Yon dimansyon de (2) atik yo touye nan kreyasyon an. Menmsi premye otè a pouse pi lwen toujou nan zak sasinay la.

Nan jan misye afimatif, epi san rezèv sou kesyon an, w a ta di l t ap chache pedofili avèk bwapen nan yon ti chanm fènwa ; epi, se sou Arly Larivière l al tonbe k ap lage konfizyon nan lespri yon tilèzany ki apèn gen de bouton tete nan lestomak li. Oubyen tou, li chita sou ti chèz ba l nan lespri chantè a, ap gade san filtè, san loup, san lonnvi entansyon l. Sa ki sèten misye pran pawòl mizik la kòm prèv (pièces à convictions), li kole yo ak de twa pawòl nan gwo liv pou li bay chantè a santans li kòm moun ki pot pratik granmoun dezalòd nan pòch dwat kanson l.

Wi, nou dakò nou dwe kesyone, kritike kreyasyon atistik, mizik nou yo ; pou nou konnen fwontyè ki tabli nan mitan kreyatè yo ak kreyasyon yo. Nan mitan pozisyon kreyatè yo genyen tout bon sou yon kesyon ak pozisyon kreyasyon yo pote. Men, fò n pridan sou kesyon an, paske gen kreyatè, pou l atire atansyon sou yon sijè epi deklannche deba konn chwazi yon demach ki choke piblik la menm. Menmsi m pa gen nan tèt mwen referans chantè ak konpozitè ayisyen ki itilize demach sa a.  Malerezman, nan peyi a pa vreman gen travay kritik ki fèt sou domèn mizik ak sou konpozisyon mizikal yo ; pou n wè dimansyon zèv yo swa nan bèlte yo, osnon nan profondè yo, oubyen tou nan jan yo chich epi plat.

Tankou la, lè n gade jan cookie ekri, nou konprann jès kreyasyon oubyen/epi mizannèv sijè a pa parèt klè kou dlo kokoye. Sa ki mande pou w founi je gade byen tout pakou tèks la pou entèprete oubyen konprann li, san w pa imajine ni ajoute osinon retire. Dayè, nan mannyè yo analize yon kreyasyon, yo souvan fè konprann li ta pi bon pou nou pa chache esplike yon zèv, men pito eseye konprann, paske avan tou kreyasyon an rete yon bagay abstrè. Li evolye nan tan ak espas epi entèpretasyon/konpreyansyon an pa yon entèpretasyon pwen final. Se pito yon konpreyansyon/entepretasyon ki chita sou chèz esperyans, ak valè chak grenn moun. Sa ki vle di zèv la zèv nan rankont li ak piblik la.

Pou n tounen nan koze a, n ap di Cookie pa ekri nan yon langaj senp. Gen twa eleman ki montre jan ekriti a boulvèse. Premyèman, pèsonaj kreyatè a mete sou sèn nan pa konn kibò ankò pou l manyen pwoblèm nan. Li kòmanse an lagan pou l prezante sitiyasyon an. « Elle me parait trop jeune, je ne peux pas dire que je l’aime ». Tousuit apre, li pase nan sa l santi. « Jure pou m renmen ou pou lavi ma petite cookie ». Aprè li tonbe nan dekri cookie. « Regars decontracte, deux trous bote fe reve » … Li tounen nan santiman yo ankò pou l finalman prezante nan ki kontèks li rankontre Cookie. «Se nan yon sware des amoureux mwen t ale»… Kidonk, kreyasyon an pa suiv yon pwogresyon ki tou dwat. Gen yon jwèt antre sòti ki fèt san tèks la pa pèdi koyerans li. Dezyèmman, pèsonaj la itilize de (2) pronon pèsonel pou l fè referans ak Cookie: Ou epi LI. Sa ki vle di gen yon jès fann an de (2) ki fèt bò kot pesonaj la. Ak “Ou”, li se yon pèsonaj k ap adrese direkteman ak cookie. Ak “Li”, li se yon pesonaj k ap adrese ak piblik la oubyen yon lòt moun. Twazyèmman, santiman pèsonaj la prezante nan tan prezan, istwa a rakonte nan tan pase.

Apre ekriti boulvèse a, kreyasyon an chita sou prezans sistematik Mwen. Alekilè, pa gen okenn kote kreyatè a bay yon lòt entèlokitè lapawòl nan sèn lan. Se toujou pèsonaj la avèk santiman l, epi sitiyasyon an sou bra l. Dayè istwa a rakonte avèk yon sèl sèn. « Se nan yon sware des amoureux, mwen t ale, se pa anyen mwen t al chache, depi m parèt kè m pran palpite, leman ki sou kò w rale m…». Apre sèn sa pa gen okenn lot sèn ki rapousuiv istwa a. Sou baz karakteristik sa yo nou ka di Cookie ekri nan yon fòma tèks yo rele Monològ.

Kisa ki yon Monològ ? Ki karakteristik li ak fonksyon l ?

Yon monològ se yon diskou nan teyat, ki mete sou sèn yon pèsonaj k ap pale ak pwòp tèt li. Nan prezantasyon diskou sa, pèsonaj la divize an de (2) : youn ap pale, sa kèk teyorisyen tankou Benvéniste (Dubor, 2005), rele : « moi locuteur » ; epi youn ap tande ki se « moi écouteur ». Atò, sa ka rive, nan pwogresyon diskou a youn ranplase lòt pandan yo chak kenbe pozisyon pa yo. Gen lòt posiblite kote « moi écouteur » la, pandan tout diskou a fè yon sèl pale ; pale sila angaje pou atire atansyon, raple yon koze, bay yon konsèy. Entèvansyon sa fèt avèk pwonon pèsonèl OU(TU). Sa ka rive tou, monològ la prezante l sou fòm yon dyalòg avèk piblik la, oubyen ak yon lòt pèsonaj ki pa gen okenn prezans kòm entelokitè nan deplòtonnay diskou a. Nan dezyèm ka a, pèsonaj sa rete yon figi imajinè senbolik. Pou n byen di w, nan sèl ti bout monològ la, ka gen tout jwèt antre sòti sa yo ki ap fèt. Se jwèt antre sòti sa ki simen tout boulvès sa nan ekriti a. Se sa k fè gen kritik ki twouve monològ la pa literè paske, nan yon apwòch lengistik se yon ekriti kastèt chinwa, katchouboumbe, ki kapab bwouye w. Dujardin (Ibid., 2005) di : se yon fòm panse entim, ki pa òganize.

Enterè monològ la kòm diskou, chita nan mete sou tab la yon sitiyasyon konplike ki mande oubyen ki pouse pèsonaj la al jwenn konsyans li pou l evalye oubyen pran yon desizyon. Se sa k fè gen otè ki di li gen fonksyon « introspective », oubyen « délibérative »[3].

Si n tounen nan Cookie n ap jwenn pifò eleman sa yo. Separasyon yon pèsonaj an de fasèt. Yon fasèt ki fè apèl ak yon lòt pèsonaj ki enkane lanmou, nan pale avè l kòmsi l te anfas li. Yon lòt fasèt ki fè referans ak figi lanmou an nan twazyèm pesòn sengilye. Entèvansyon yon fasèt ki  raple : « Se pa tou le jou ou ka di sa w santi ».  

Si monològ nan yon mannyè pi klasik mete aksan sou yon batay k ap fèt nan fon nanm yon pèsonaj (conflit interieur), sou yon sitiyasyon ki mete l fas ak de chwa ki pa bobo[4], cookie li menm sòti nan chema sa. Nou ka wè kreyasyon sila pa pote yon pèsonaj, kote chak fasèt yo enkane yon chwa oubyen yon anvi diferan. Se sa k fè ou pa jwenn yon pèsonaj ki aflije, ki gen dout oubyen ki ensèten. Toulède fasèt yo pote menm mak, menm pozisyon kòm ki dire se yon evidans. Sèl diferans ki gen nan mitan de fasèt yo, gen youn ki plis akwoche ak lanmou an paske demen louvri pòt pou posiblite a. Pou nou, chwa mete anlagan toulède fasèt pèsonaj la sou menm liy lan, ba li plis fèmte ak konviksyon pou li pale ak sosyete a.

Kisa cookie ap di sosyete a?

Gen yon fraz nan kreyasyon an, nou ta ka pran kòm sentèz pou n sennen sa  mizik la ap di nou. Se pa tou le jou ou ka di sa w santi. Wi! Se pa paske ou gen santiman pou yon moun ki fè ou ka vare al di moun nan sa.Gen paramèt fò w pran ankont. Nan ka kreyasyon cookie, se laj oubyen diferans laj (two jèn), pèsonaj ki enkane lanmou an. San vire lang anndan bouch, nou konprann gen santiman pa valide deklarasyon. Ou ka wè l nan mizansèn lan.  Pèsonaj la pa goumen ak tèt li paske sa l santi a pa akseptab (auto-flagellation), li pa pati dèyè santiman an nonplis pou l lave konsyans li, se pa yon pwa senkant sou zèpol li tou. Li aksepte lanmou an. Men, dakò li renmen cookie pa enplike bay tèt li otorizasyon pou l deklare l sa. Nan sans sa, Cookie ta vle montre renmen yon moun pa yon pwoblèm nan li menm, men sa ki enpòtan, se kijan w ap trete sa w santi an. Pran desizyon pa deklare lanmou pou cookie paske l two jèn oubyen paske l poko gen laj pou sa, se pran yon pozisyon etik sou kesyon lanmou. Lè n ap pale de etik, nou fè referans ak refleksyon ki pran api sou ansanm règ ak prensip sosyete a, pou oryante aksyon an akò ak prensip sa yo, epi kadre rapò nou youn ak lòt anndan kolektivite a. Boutofen, si n ap konsidere monològ nan sans yon moman rekonfigirasyon kote langaj la ap mime sa l sigjere a (Descottes, 2018), nou ka di cookie bay kòm pèspektiv : re-plase etik nan jan n ap abòde santiman nou. San di petèt nan yon kontèks kote n ap viv, moun fè sa yo vle nan peyi a sitou nan sa ki gen pou wè ak rapò gason ak fanm, cookie parèt kòm yon rekadraj konpòtman n ta ka genyen sou baz sa nou santi.

Bibliyografi

  1. Académie de Grenoble, « Monologue dans le théâtre classique ». Fiche méthode. URL : http://www.ac-grenoble.fr/disciplines/lettres/podcast/logotype/glossaire/Monologue%20dans%20le%20th.htm consulté le 11 mars 2023
  2.  Caroline Descottes, « Les métamorphoses du monologue », Acta Fabula, vol. 14, no 4, Notes de lectures, Mai 2013, URL : https://www.fabula.org/acta/document7853.php, consulté le 14 mars 2023
  3. Françoise Dubor, « Chapitres III, le monologue, définitions ». L’art de parler pour ne rien dire : le monologue fumiste fin de siècle. Rennes : Presses universitaires de Rennes, 2005. P119 a 160. URL : https://books.openedition.org/pur/30986 consulté le 12 mars 2023
  4. Le Cler-Addam Benedicte, Addam Jean Michel, « Un genre du récit : Le monologue narratif au théâtre ». Pratiques : Linguistique, littérature, didactique, no59, 1998. P51a71. URL : https://www.persee.fr/doc/prati_0338-2389_1988_num_59_1_1490 Consulté le 14 mars 2023

[1]https://ayibopost.com/arly-lariviere-faisait-apologie-pedophilie-dans-cookie/

[2]https://www.enquetaction.com/articles/non-cookie-pa-yon-apoloji-pedofil

[3] – Académie de Grenoble, monologue dans le théâtre classique

[4] – Nou ka pran kèk referans pyès klasik fransè yo

Leave Comments